21
Alò, David te rive Nob, vè Achimélec, prèt la. Achimélec te parèt tou tranble lè l te rankontre David, e li te mande li: “Poukisa se ou sèl e pa gen moun avèk ou?” David te di a Achimélec, prèt la: “Wa a te ban m yon komisyon konsènan yon afè e li te di mwen: ‘Pa kite pèsòn konnen anyen sou afè ke m ap voye ou a. Se sou sila mwen ap pase ba ou lòd la; mwen te dirije mesye yo a yon sèten plas.’ Konsa, kisa ou gen nan men ou? Ban m senk moso pen oswa nenpòt sa ou kab twouve.”
Prèt la te reponn David, e te di: “Nanpwen pen òdinè, men gen pen konsakre; si sèlman mesye yo te kenbe tèt yo lwen fanm.”
David te reponn prèt la e te di li: “Asireman, fanm yo te kenbe lwen de nou kòm dabitid lè m konn pati. Kò a mesye yo te sen, malgre li te yon vwayaj òdinè. Konbyen anplis jodi a kò yo va sen?” Konsa, prèt la te ba li pen konsakre a, paske pa t gen pen la sof ke pen Prezans ki te retire soti devan SENYÈ a, pou l ta kab ranplase li avèk pen cho menm lè ke li te retire.
Alò, youn nan sèvitè a Saül yo te la nan jou sa a, fèmen devan SENYÈ a. Non li se te Doëg, Edomit la, chèf a bèje Saül yo.
David te di a Achimélec: “Alò, èske pa gen yon frenn oswa yon nepe ki disponib? Paske mwen pa t mennen ni nepe mwen, ni zam mwen avè m, akoz afè wa a te tèlman ijan.”
Alò, prèt la te di: “Nepe Goliath la, Filisten an, ke ou te touye nan vale Ela a. Gade byen, li vlope nan yon twal dèyè efòd la. Si ou vle li, pran l. Paske nanpwen lòt sof ke li menm isit la.”
Epi David te di: “Nanpwen lòt tankou li. Ban mwen li.”
10 Alò, David te leve e te sove ale kite Saül nan jou sa a pou te ale vè Akisch, wa a Gath la. 11 Men sèvitè a Akisch yo te di li: “Èske sa se pa David, wa a peyi a? Èske yo pa t konn chante a sila a pandan yo t ap danse, e t ap di:
‘Saül te touye dè milye pa li e
David dè di-milye pa li?’ ”
12 David te swiv pawòl sa yo nan kè l e te pè Akisch, wa Gath la anpil. 13 Konsa, li te kache bon tèt li devan yo e te aji tankou moun fou pandan li te nan men yo. Li te ekri pa aza yon bann mak sou pòtay avèk pòt yo e te kite krache desann sou bab li. 14 Akisch te di a sèvitè li yo: “Gade byen, ou wè mesye a ap aji tankou yon moun fou. Poukisa ou mennen li kote mwen? 15 Èske mwen manke moun fou, pou ou te mennen sila a pou aji tankou moun fou nan prezans mwen? Èske sila a va antre lakay mwen?”
21:1 I Sam 16:4 21:2 Sòm 141:3 21:4 Egz 19:15 21:5 I Tes 4:4 21:6 Lev 24:5-9 21:7 I Sam 14:47 21:9 I Sam 17:51-54 21:9 I Sam 17:2 21:10 Sòm 34 21:11 I Sam 18:7 21:12 Luc 2:19 21:13 Sòm 34