20
Epi David te sove ale kite Najoth nan Rama, e li te vin di a Jonathan: “Kisa mwen te fè? Ki inikite mwen genyen? Epi ki peche mwen gen devan papa ou, pou li ap chache lavi m?”
Li te di li: “Lwen de sa, ou p ap mouri. Gade byen, papa m p ap janm fè anyen ni gran ni piti amwenske li avèti m. Konsa pou ki rezon li ta kache bagay sa a de mwen? Se pa vrè!”
Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.”
Alò, Jonathan te di a David: “Nenpòt sa ou mande, m ap fè l pou ou.”
Konsa, David te di a Jonathan: “Veye byen, demen se nouvèl lin nan. Mwen ta dwe chita a tab pou manje avèk wa a. Men kite mwen ale pou m kache kò m nan chan an jis rive twa jou. Si papa ou vin wè ke m pa la, alò li di: ‘David te mande mwen favè pou l ta kab kouri rive Bethléhem, vil pa li a, akoz se lè sakrifis ane a pou tout fanmi an.’ Si li di: ‘Sa bon,’ sèvitè ou a va sove; men si li vin byen fache, konnen ke li te pran desizyon pou l fè mal la. Pou sa, aji avèk bon kè avèk sèvitè ou a; paske ou te mennen sèvitè ou antre nan yon akò a SENYÈ a avèk ou. Men si gen inikite nan mwen, mete m a lanmò ou menm; paske poukisa, si se konsa, ou ta dwe mennen mwen kote papa ou?”
Jonathan te di: “Sa se lwen de sa! Paske si mwen ta konprann ke papa m te detèmine pou fè ou mal; alò, èske mwen pa t ap di ou sa?”
10 Alò, David te di a Jonathan: “Se kilès ki va di mwen si papa ou bay yon repons ki di?”
11 Jonathan te di a David: “Vini, annou ale nan chan an.” Konsa, toude te sòti nan chan an. 12 Alò, Jonathan te di a David: “SENYÈ Bondye Israël la se temwen! Lè m fin sonde papa m vè lè sa a demen, oswa nan twazyèm jou a, gade byen, si gen bon repons anvè ou menm, èske mwen p ap voye yon mo ba ou pou fè ou konnen sa? 13 Si se volonte a papa m pou fè ou mal, kite SENYÈ a fè menm jan an ak Jonathan e menm plis toujou, si mwen pa fè ou konnen e voye ou ale, pou ou kab sòti ansekirite. Epi ke Bondye kapab avèk ou menm jan ke li te ye avèk papa m nan. 14 Si mwen toujou vivan, èske ou p ap montre mwen tout lanmou a SENYÈ a pou m pa mouri? 15  Ou p ap retire lanmou ou vè lakay mwen pou tout tan, pa menm lè SENYÈ a vin koupe dènye lènmi David la sou fas tè a.” 16 Konsa tou Jonathan te fè yon akò avèk lakay David: “Ke SENYÈ a toujou mande menm devwa sa a nan men a lènmi David yo.”
17 Jonathan te fè David fè ve a ankò akoz ke li te renmen li e akoz li te renmen li tankou li te renmen pwòp vi pa li. 18 Alò, Jonathan te di li: “Demen se nouvèl lin nan e absans ou ap byen klè akoz chèz ou a va vid 19 Lè ou fin rete pandan twa jou, ou va desann vit vini nan plas kote ou te kache nan jou evenman sa yo; epi ou va rete akote wòch Ézel la. 20 Mwen va tire twa flèch akote, kòmsi se yon pratik m ap fè. 21 Epi tande byen, mwen va voye yon ti gason e di l: ‘Ale dèyè flèch yo.’ Si mwen pale byen klè a ti gason an, e di l: ‘Gade byen, flèch yo bò sa a de ou menm, ale chache yo;’ alò, ou va vini, paske gen sekirite pou ou e nanpwen mal, jan SENYÈ a viv la. 22 Men si mwen di ti gason an: ‘Gade byen, flèch yo lwen ou,’ alò ale, paske SENYÈ a te voye ou ale. 23 Epi pou afè akò ke ou menm avèk mwen fin pale a, gade byen, SENYÈ a antre ou menm avèk mwen menm pou tout tan.”
24 Konsa, David te kache nan chan an. Epi lè nouvèl lin nan vin leve, wa a te chita sou tab la pou manje. 25 Wa a te chita nan plas li kòm nòmal, chèz akote mi an. Alò, Jonathan te leve e Abner te chita akote Saül, men plas David la te vid. 26 Malgre Saül pa t di anyen nan jou sa a, paske li te di a li menm: “Se yon malè ki rive e li vin pa pwòp. Asireman, li pa pwòp.”
27 Li te vin rive nan pwochen jou a, dezyèm jou nouvèl lin nan, ke plas David la te vid. Konsa, Saül te di a Jonathan, fis li a: “Poukisa fis a Jesse pa parèt nan repa a, ni yè, ni jodi a?”
28 Alò, Jonathan te reponn Saül: “David te swayezman mande pèmisyon a mwen menm pou ale Bethléhem, 29 paske li te di: ‘Souple kite m ale, akoz fanmi nou gen yon sakrifis nan vil la e frè m yo te mande m parèt. Epi koulye a, si m jwenn favè nan zye ou, souple, kite m fè yon sòti pou m kapab wè frè m yo.’ Pou rezon sa a, li pa t vin parèt sou tab a Wa a.”
30 Alò, kòlè a Saül te brile kont Jonathan e li te di a li: “Se fis a yon fanm pèvès e rebèl ke ou ye! Èske mwen pa konprann ke w ap chwazi fis a Jesse jis pou wont pa ou e jis rive nan wont a nidite manman ou. 31 Paske depi fis Jesse a rete sou latè, ni ou menm ni wayòm ou a p ap etabli. Alò, pou sa, voye mennen li kote mwen, paske fòk li mouri.”
32 Men Jonathan te reponn Saül, papa li: “Poukisa li dwe mouri? Kisa li te fè?”
33 Alò, Saül te voye frenn nan sou Jonathan pou frape fè l tonbe. Epi konsa, Jonathan te konnen ke papa li te pran desizyon pou mete David a lanmò. 34 Epi Jonathan te leve sou tab la byen anraje e li pa t manje nan dezyèm jou nouvèl lin nan, paske kè l te fè l mal akoz papa li te derespekte l konsa.
35 Alò, li te vin rive nan maten ke Jonathan te parèt nan chan an pou randevou avèk David la, e yon ti gason te avè l. 36 Li te di a jennonm nan: “Kouri koulye a pou ale chache flèch ke m prèt pou tire yo.” Pandan jennonm nan t ap kouri, li te tire yon flèch ki te depase li. 37 Lè jennonm nan te rive nan plas flèch ke Jonathan te tire a, Jonathan te rele jennonm nan e te di: “Èske flèch la pa pi lwen ou?” 38 Jonathan te rele jennonm nan: “Pa mize, fè vit, pa fè reta!” Epi jennonm Jonathan an te pran flèch la e te retounen vè mèt li. 39 Men jennonm nan pa t konnen anyen. Sèlman Jonathan avèk David te konprann koze a. 40 Alò, Jonathan te bay zam li yo a jennonm nan e te di li: “Ale pote antre nan vil la.”
41 Lè jennonm nan te fin ale, David te leve soti nan fas sid la. Li te tonbe sou figi li atè e li te bese ba twa fwa. Epi yo te bo youn lòt e te kriye ansanm, men David te kriye plis. 42 Jonathan te di a David: “Ale anpè. Jan nou te sèmante youn ak lòt nan non SENYÈ a, e te di: ‘SENYÈ a va antre ou avèk mwen, antre desandan pa w ak desandan pa m jis pou tout tan.’ ” Epi li te leve sòti pandan Jonathan t ap antre nan vil la.
20:1 I Sam 24:9 20:3 I Sam 25:26 20:5 Nonb 28:11-15 20:6 I Sam 17:58 20:7 I Sam 25:17 20:8 I Sam 18:3 20:13 Jos 1:5 20:15 II Sam 9:1-3 20:17 I Sam 18:1 20:18 I Sam 20:5 20:22 I Sam 20:37 20:23 Jen 31:49-53 20:25 I Sam 20:18 20:26 Lev 7:20-21 20:28 I Sam 20:6 20:31 II Sam 12:5 20:32 Pwov 31:9 20:36 Pwov 31:9 20:37 I Sam 20:22 20:41 Jen 42:6 20:41 I Sam 18:3 20:42 I Sam 20:15-23