22
David te pale pawòl a chan sila yoa SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo ak nan men a Saül. Li te di:
“SENYÈ a se wòch mwen,
fòterès mwen ak liberatè mwen;
Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila
mwen twouve pwotèj la;
boukliye e kòn delivrans mwen,
sitadèl mwen ak refij mwen.
Se konsa mwen va sove devan ledmi mwen yo.
Mwen rele a SENYÈ a, ki merite lwanj.
Se konsa mwen sove de lènmi mwen yo.
 
Paske volas lanmò te antoure mwen;
gran flèv destriksyon yo te monte sou mwen nèt.
Kòd a sejou lanmò te antoure mwen;
pèlen lanmò yo te menase m.
Nan gran twoub mwen,
mwen te rele SENYÈ a.
Wi, mwen te rele a Bondye mwen an.
Soti nan tanp Li an, Li te tande vwa m.
Kri sekou mwen te anndan zòrèy Li.
Latè te tranble e souke.
Fondasyon syèl la t ap tranble.
Yo te sombre, akoz Li te fache.
Lafimen te monte sòti nan nen L.
Dife soti nan bouch Li a te devore.
Chabon te fèt pa li.
10 Anplis, Li te rale bese syèl yo e te desann.
Yon tenèb byen pwès te anba pye L yo.
11 Li te monte sou yon cheriben,
Li te vole.
Li te parèt sou zèl a van an.
12  Li te fè tenèb la yon tant Ki antoure Li,
yon vwa dlo, nwaj pwès syèl yo
13 soti nan gran klète devan L,
Bout chabon dife yo vin limen.
14 SENYÈ a te eklate depi nan syèl la,
e vwa Pli Wo a te reponn.
15 Li te lanse flèch pou te gaye yo.
Loray! E yo te sove ale.
16 Kanal lanmè yo te vin parèt.
Fondasyon mond lan te dekouvri nèt,
pa repwoch SENYÈ a,
ak fòs vann a ki soti nan ne l.
 
17  Li te voye soti anwo,
Li te pran m.
Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo.
18 Li te delivre mwen devan lènmi m byen fò,
Soti nan sila ki te rayi mwen yo.
Paske yo te twò fò pou mwen.
19 Yo te kanpe parèt devan m nan jou gran doulè a,
Men SENYÈ a te soutyen mwen.
20 Anplis, Li te mennen m nan yon kote byen laj.
Li te fè m chape, paske Li te kontan anpil avè m.
 
21  SENYÈ a te rekonpanse mwen selon ladwati mwen.
Selon men pwòp mwen, Li te fè m twouve rekonpans.
22 Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a.
Mwen pa t aji avèk mechanste kont Bondye mwen an.
23  Paske tout òdonans Li yo te devan m.
Règleman Li yo, mwen pa t janm kite.
24 Anplis, mwen te san fot devan L.
Mwen te rete lib de inikite mwen.
25 Pou sa, SENYÈ a te rekonpanse m.
Selon ladwati mwen,
Selon jan mwen pwòp devan zye Li.
26  Avèk sila de bon kè yo,
Ou montre bon kè Ou.
Avèk sila ki san fot yo,
Ou parèt san fot.
27  Avèk sila ki san tach yo,
Ou montre jan Ou san tach,
Epi avèk sila ki kwochi,
Ou vin parèt avèk entèlijans.
28  Ou fè sekou a sila ki aflije yo,
men zye Ou rete sou sila ki ògeye yo,
pou Ou fè yo bese.
29 Paske se ou ki lanp mwen, O SENYÈ.
Konsa, SENYÈ a vin klere tout tenèb mwen.
30 Paske avèk Ou, Mwen kapab kouri sou yon ekip sòlda.
31  Pou Bondye, chemen pa li a san fot.
Pawòl SENYÈ a fin fè prèv.
Li pwoteje tout sila yo ki kache nan Li.
32  Paske se kilès Bondye ye,
Sof ke SENYÈ a?
Epi kilès ki se yon woche,
Sof ke Bondye pa nou an?
33  Bondye se sitadèl fòs mwen.
Li fè chemen m san fot.
34 Li fè pye m tankou pye a sèf,
ki fè m chita nan plas ki wo.
35 Li enstwi men m yo pou batay la,
Pou bra mwen kab koube banza fèt an Bwonz.
36 Ou te osi ban mwen Boukliye Sali Ou a,
e se soutyen Ou ki fè m pwisan.
37  Ou elaji pla pye mwen anba m,
e pye m pa janm chape.
38 Mwen te kouri dèyè lènmi mwen yo,
e mwen te detwi yo.
Mwen pa t vire fè bak jiskaske mwen te fin manje nèt.
39 Epi mwen te devore yo,
mwen te kraze yo,
Jiskaske yo pa t janm leve.
Konsa, yo te tonbe anba pye mwen.
40 Paske Ou te kouvri senti m ak fòs pou batay la.
Ou te soumèt anba m sila ki te leve kont mwen yo.
41 Ou te osi fè lènmi m yo vire do ban mwen,
Epi mwen te detwi sila ki te rayi mwen yo.
42  Yo te gade, men nanpwen moun ki te pou te sove yo;
menm anvè SENYÈ a, men Li pa t reponn yo.
43  Alò mwen te fè poud ak yo
tankou pousyè tè a.
Mwen te kraze e te foule yo
Tankou kras labou lari.
44 Ou te osi delivre mwen sòti
nan rebelyon ak zen pèp mwen an.
Ou te kenbe m kòm chèf sou nasyon yo,
45 Etranje yo abese devan m.
Depi yo tande, yo obeyi.
46 Etranje yo pèdi fòs.
Yo sòti tranblan nan kote kache yo.
47 SENYÈ a vivan!
Beni, se wòch mwen an!
Egzalte, se Bondye, wòch sali mwen an.
48 Menm Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an,
Li ki rale fè desann lòt pèp yo anba m nan,
49 Ki osi fè m sòti devan lènmi mwen yo.
Wi, Ou menm fè m leve anwo sila
Ki vin leve kont mwen yo.
Ou ban m sekou devan moun ki vyolan yo.
50 Pou sa, mwen va ba Ou remèsiman,
O SENYÈ, pami nasyon yo.
Mwen va chante lwanj a non Ou.
51 Li se yon gran sitadèl delivrans pou wa Li a,
ki montre lanmou dous a onksyone pa Li a,
Menm a David avèk desandan pa li yo, jis pou tout tan.”
22:1 Sòm 18:2-50 22:2 Sòm 31:3 22:2 Sòm 31:3 22:3 Det 32:4-37 22:4 Sòm 48:1 22:5 Sòm 93:4 22:6 Sòm 116:3 22:7 Sòm 116:4 22:8 Job 26:11 22:9 Sòm 97:3 22:10 Sòm 97:2 22:11 Sòm 104:3 22:12 Job 36:29 22:13 II Sam 22:9 22:14 Job 37:2-5 22:15 Det 32:23 22:16 Egz 15:8 22:17 Sòm 144:7 22:19 Sòm 23:4 22:20 II Sam 15:26 22:21 I Sam 26:23 22:23 Det 6:6-9 22:24 Ef 1:4 22:25 II Sam 22:21 22:26 Mat 5:7 22:27 Mat 5:8 22:28 Egz 3:7-8 22:29 I Wa 11:36 22:31 Det 32:4 22:32 I Sam 2:2 22:33 I Sam 2:2 22:37 II Sam 22:20 22:38 Egz 15:9 22:39 Mat 4:3 22:40 Sòm 44:5 22:41 Egz 23:27 22:42 És 17:7-8 22:43 II Wa 13:7 22:43 És 10:6 22:46 I Sam 14:11 22:47 II Sam 22:3 22:48 Sòm 144:2 22:49 Sòm 44:5 22:50 Wo 15:9 22:51 Sòm 89:24 22:51 Sòm 144:10