23
Alò, sila yo se dènye pawòl a David yo.
David, fis a Jesse a deklare,
Mesye ki te leve anwo a deklare,
Sila ki onksyone pa Bondye a Jacob la,
Chantè dous Israël la,
Nan mwen, Lespri SENYÈ a te pale,
Pawòl pa Li te sou lang mwen.
Bondye a Israël la te di,
Wòch Israël la te pale mwen,
Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a,
ki renye avèk lakrent Bondye yo,
Se tankou limyè maten lè solèy la leve,
Yon maten san nwaj, lè zèb tounèf
Vin sòti nan tè a nan solèy apre lapli.
Vrèman, se pa konsa lakay mwen ye avèk Bondye?
Paske Li te fè yon akò k ap dire nèt avè m,
An lòd nan tout bagay e byen solid.
Pou tout sali mwen avèk tout dezi mwen,
èske, anverite, Li p ap fè l grandi?
Men sanzave yo, yo chak va pouse
jete deyò tankou raje pikan.
Konsa, pèsòn p ap kab pran yo an men.
Men nonm nan ki touche yo,
dwe ame avèk fè ak shaf lans.
Kèlkeswa, yo va vin brile nèt avèk dife,
nan plas kote yo ye a.
Sila yo se non a mesye vanyan ki te pou David yo: Joscheb-Basschébeth, Tachkemonit lan, youn nan ofisye prensipal yo. Avèk lans li ui-sant òm te mouri yon sèl kou yo. Apre li menm, se Éléazar, fis a Dodo a, Achochit la. Li te youn nan twa gèrye ki te, ansanm ak David yo, ki te konfwonte Filisten ki te rasanble pou batay yo, lè lòt mesye Israël yo te fè bak yo. 10  Li te leve frape Filisten yo jiskaske men li te fatige e te kole a nepe a. Konsa, SENYÈ a te fè parèt yon gran viktwa nan jou sa a. Pèp la te swiv li sèlman pou piyaje mò yo. 11 Alò, apre li se te Schamma, fis Agué a, yon Ararit. Filisten yo te rasanble nan yon ekip kote yon moso tè te plen avèk pwa lantiy e pèp la te kouri devan Filisten yo. 12 Men li te kanpe pran pozisyon li nan mitan chan an pou defann tè a. Li te frape Filisten yo; epi SENYÈ a te fè vini yon gran viktwa. 13 Alò, twa nan trant mesye pifò yo te desann kote David nan tan rekòlt la kote kavèn Adullam nan pandan ekip Filisten an t ap fè kan nan vale Rephaïm nan. 14 Nan tan sa a, David te la nan fò a, pandan ganizon Filisten an te Bethléhem. 15  David te gen yon anvi, e li te di: “Men kijan mwen ta kontan si yon moun ta ban m dlo pou bwè ki sòti nan pwi Bethléhem akote pòtay la!” 16  Konsa, twa mesye vanyan sa yo te pete antre nan kan Filisten yo. Yo te rale dlo nan pwi Bethléhem ki te akote pòtay la, e yo te pote li bay David. Malgre sa, li te refize bwè l, men li te vide li bay SENYÈ a. 17 Konsa, li te di: “Lwen de mwen O SENYÈ! Èske m ta bwè san a mesye ki te mete lavi yo nan gwo danje a?” Pou sa, li pa t bwè li. Se zèv sila yo ke twa mesye vanyan sa yo te fè. 18  Abischaï, frè a Joab la, fis a Tseruja a, te chèf a trant yo. Li te voye lans li kont twa san moun, li te touye yo, e li te gen yon non ki vin rekonèt menm jan ak twa yo. 19 Li te pi onore pami trant yo. Konsa, li te devni chèf yo. Malgre sa, li pa t rive nan nivo a twa yo. 20 Alò, Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye vanyan nan Kabtséel, ki te fè zak byen fò, li te touye de fis a Ariel yo nan Moab. Anplis, li te desann e te touye yon lyon nan mitan a yon fòs yon jou pandan lanèj t ap tonbe. 21 Li te touye yon Ejipsyen, yon mesye mèvèy. Alò, Ejipsyen an te gen yon lans nan men li, men li te desann kote li avèk yon gwo baton e li te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans li an. 22 Bagay sa yo, Benaja, fis a Jehojada a te fè e non l te gen repitasyon menm jan ak twa mesye vanyan yo. 23 Li te onore pami trant yo, men li pa t rive nan nivo a twa yo. Epi David te plase li kòm chèf sou gad li. 24  Asaël, frè a Joab la te pami trant yo; Elchanan, fis a Dodo a Bethléhem, 25  Schamma, Awodit la, Élika, Awodit la, 26 Hélets, Peletyen an, Ira, fis a Ikkesch la, Tekoyit la, 27 Abiézer, Anatotyen an, Mebunnaï, Oushatyen an, 28 Tsalmon, Achoachit la, Marahaï, Netofayit la. 29  Héleb, fis a Baana a, Netofayit la, Ittaï, fis a Rabaï a nan Guibea, fis a Benjamin yo, 30 Benaja, a Pirathon, Hiddaï a Nachalé-Gaasch. 31 Abi-Albon, Abatyen an, Azmaveth, Bakoumit lan, 32 Eliachba, Shaalbonit lan, Bené-Jaschen avèk Jonathan, 33 Schamma a Harar, Achaim, fis a Scharar a, Araryen an, 34 Éliphéleth, fis a Achasbaï a, fis a Maakatyen an, Éliam, fis a Achitophel la nan Guillo Éliphéleth, fis a Achasbaï a nan Guillo. 35 Hetsraï a Carmel. Paaraï, Arab la. 36 Jijueal, fis a Nathan an nan Tsoba, Bani a Gad, 37 Tsélek, Amonit lan, Naharaï nan Beéroth la, pòtè zam a Joab yo, fis a Tsuerja a. 38 Ira a Jéther. 39 Urie, Etyen an: an total, trann-sèt òm.
23:1 Sòm 89:20 23:2 Mat 22:43 23:3 II Sam 22:2-32 23:4 Jij 5:31 23:5 II Sam 7:12-16 23:6 Mat 13:41 23:7 Mat 3:10 23:8 I Kwo 11:11 23:9 I Kwo 27:4 23:10 I Kwo 11:13 23:11 II Sam 23:33 23:12 II Sam 23:10 23:13 I Sam 22:1 23:13 II Sam 5:18 23:14 I Sam 22:4 23:15 I Kwo 11:17 23:16 I Kwo 11:18 23:17 Lev 17:10 23:18 II Sam 10:10-14 23:18 I Kwo 11:20-21 23:20 II Sam 8:18 23:22 II Sam 23:20 23:24 II Sam 2:18 23:25 I Kwo 11:27 23:26 II Sam 14:2 23:27 Jos 21:18 23:29 I Kwo 11:30 23:29 Jos 18:28 23:30 Jij 12:13 23:31 II Sam 3:16 23:32 Jos 19:42