3
Men konprann sa, ke nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li.
Evite moun konsa yo. Paske pami yo menm, gen moun ki antre nan kay yo e pran an kaptif fanm ki fèb akoz chaj peche yo, e ki mennen pa move lanvi de tout kalite, k ap toujou aprann e ki pa janm rive a konesans verite a.
Jis jan ke Jannès ak Jambrès te opoze a Moïse la, konsa moun sa yo opoze verite a; lèzòm ak lespri konwonpi, ki rejte sa ki konsène lafwa a.
Men yo p ap fè plis pwogrè, paske foli yo va parèt klè a tout moun, jis jan ke foli a Jannès ak Jambrès te osi parèt a klè a.
10 Alò, ou te swiv ansègnman mwen an, kondwit, bi, lafwa, pasyans lanmou, pèseverans 11  pèsekisyon, ak soufrans, jan sa te rive m Antioche, Icone ak Lystre la. A la pèsekisyon m te andire, e nan yo tout, Senyè a te delivre m! 12 Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus va pèsekite.
13 Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal nan twonpe moun ak vin twonpe.
14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
16  Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.
3:1 I Tim 4:1 3:2 Luc 16:14 3:2 Wo 1:30 3:3 Wo 1:31 3:3 I Tim 3:11 3:5 I Tim 3:6 3:6 Jd 1:4 3:6 Tit 3:3 3:7 II Tim 2:25 3:8 I Tim 6:5 3:9 Luc 6:11 3:10 I Tim 4:6 3:10 I Tim 6:11 3:11 II Kor 11:23-27 3:11 Wo 15:31 3:12 Jn 15:20 3:13 Tit 3:3 3:14 Tit 1:13 3:15 Jn 5:47 3:15 Sòm 119:98 3:16 Wo 4:23 3:17 II Tim 2:21