4
Mwen anchaje ou solanèlman, nan prezans Bondye ak Kris Jésus a, ki dwe jije vivan ak mò yo, pa aparans ak wayòm Li an: Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.
Paske tan an va vini lè yo pa sipòte doktrin ki sen yo, men akoz yo vle sa ki fè zòrèy yo plezi, yo va ranmase pou kont yo, pwofesè ki dakò avèk pwòp dezi pa yo. Konsa, yo va vire zòrèy yo kite verite a akote pou fo istwa yo.
Men ou menm, rete tanpere nan tout bagay, sipòte difikilte yo, fè travay a yon evanjelis, akonpli ministè ou la.
Paske mwen deja ap vide kòm yon ofrann bwason, e lè pou m ale a gen tan rive. Mwen mennen bon konba a, mwen fin fè kous la, mwen kenbe lafwa. A lavni m ap gen kouwòn ladwati a, ki prepare pou mwen deja, ke Senyè a, jij ladwati a, va ban m nan jou sila a; e pa sèlman de mwen menm, men osi a tout moun ki renmen aparisyon Li an.
Fè tout efò pou vini kote mwen byen vit, 10 paske Démas, ki renmen mond prezan sila a, te abandone m, e te ale Thessalonique. Crescens te ale Galatie, Tite te ale Dalmatie. 11 Se sèl Luc ki avè m. Pran Marc e mennen l vini avè w, paske li itil a mwen pou zèv mwen an. 12 Men Tychique, mwen te voye li Éphèse. 13 Lè ou vini, pote manto ke m te kite Troas avèk Carpus la, menm ak liv yo, sitou woulo yo.
14  Alexandre, bòs fòjewon an, te fè mwen anpil mal. Senyè a va rann li sa selon zèv li. 15 Veye kont li ou menm, paske li te opoze ak fòs a enstriksyon nou an.
16 Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Ke sa pa kontwole kont yo. 17 Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.
18 Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
19 Salye Prisca ak Aquillas, ak tout kay Onésiphore a.
20  Éraste te rete Corinthe, men Trophime, mwen te kite li malad Milet.
21  Fè tout efò pou vini avan sezon livè a. Eubulus salye ou, Pudens, Linus, Claudia, ak tout frè yo salye ou osi.
22 Ke Senyè a avèk lespri ou. Ke lagras avèk ou.
4:1 Trav 10:42 4:2 Kol 4:3 4:2 I Tim 5:20 4:3 II Tim 3:1 4:4 II Tes 2:11 4:5 Ef 4:12 4:6 Fil 2:17 4:6 Fil 1:23 4:7 I Kor 9:25 4:8 Kol 1:5 4:8 II Tim 1:12 4:9 II Tim 1:4 4:10 Kol 4:14 4:10 I Tim 6:17 4:11 Kol 4:14 4:12 Trav 20:4 4:13 Trav 16:8 4:14 I Tim 1:20 4:16 Trav 7:60 4:17 I Tim 1:12 4:17 II Tim 4:5 4:18 I Kor 15:50 4:19 Trav 18:2 4:19 II Tim 1:16 4:20 Trav 19:22 4:20 Trav 20:4 4:21 II Tim 4:9 4:22 Fil 4:23