11
Ouvri pòt ou yo, O Liban,
pou dife ka devore bwa sèd ou yo.
Rele anmwey, O pye siprè a,
paske bwa sèd la fin tonbe,
akoz bèl ab plen ak glwa yo fin detwi.
Rele anmwey, O bwadchenn a Basan yo,
paske gran forè a fin tonbe.
Men yon vwa kriye lamantasyon a bèje yo!
Paske glwa gran fore yo fin detwi;
yon vwa jenn lyon k ap gwonde a!
Paske ògèy Jourdain nan fin kraze nèt.
Konsa pale SENYÈ a, Bondye mwen an: “Nouri bann mouton k apkòche a. Sila ki achte yo, kòche yo, e rete san koupabilite. Sila ki vann yo va di: ‘Beni se SENYÈ a, paske mwen vin rich!’ Epi pwòp bèje pa yo pa menm gen pitye pou yo. Paske Mwen p ap fè pitye ankò pou pèp peyi a,” deklare SENYÈ a; “men gade byen, Mwen va delivre tout mesye yo, yo tout anba men pwochen yo, e anba pouvwa a wa li a. Y ap frape peyi a, e Mwen p ap delivre yo anba pouvwa yo.”
Konsa, mwen te nouri bann mouton pou kòche a; soutou, aflije nan bann mouton yo. Mwen te pran pou mwen de baton: youn mwen te rele Gras e lòt la, mwen te rele li Tèt Ansanm. Konsa, mwen te nouri bann mouton an. Epi mwen te koupe retire nèt twa bèje sila yo nan yon mwa, paske nanm mwen te pèdi pasyans avèk yo, e nanm pa yo te fatige avè m tou. Epi mwen te di: “Mwen p ap nouri nou. Sa ki fèt pou mouri, kite l mouri, e sa ki fèt pou koupe retire nèt, kite l koupe retire. Epi konsa, kite sila ki rete yo manje chè youn lòt.” 10 Mwen te pran baton Gras la, e mwen te koupe li an twa mòso pou m te kab kraze akò ke m te fè ak tout pèp la. 11 Konsa, li te kraze nan jou sa a. Epi konsa, aflije nan bann mouton yo ki t ap gade mwen an, te vin konprann ke se te pawòl SENYÈ a. 12 Mwen te di yo: “Si sa bon nan zye nou, peye m salè mwen an, men si se pa sa, pa okipe w.” Konsa, yo te peze trant sik ajan kòm salè mwen an. 13 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Jete sa vè bòs potye a—pri manyifik valè M ki te estime pa yo menm nan!” Konsa, mwen te pran trant sik ajan, e mwen te jete yo vè bòs potye a, lakay SENYÈ a. 14 Epi mwen te koupe an mòso dezyèm baton ki rele Tèt Ansanm nan, pou kraze fratènite ki te egziste antre Juda ak Israël la.
15 SENYÈ a te di mwen: “Pran ankò pou ou menm, enstriman a yon bèje ki san konprann. 16 Paske, gade byen, Mwen ap fè leve yon bèje nan peyi a, yon bèje ki p ap vizite sila ke yo koupe retire yo, ni chache sila ke yo gaye yo, ni geri sila ki aflije a, ni nouri sila ki ansante a, men li va devore chè a mouton gra yo, e li va menm chire retire zago yo. 17  Malè a bèje san valè ki abandone bann mouton an! Nepe va sou bra li ak sou zye dwat li! Bra li va vin seche nèt e zye dwat la va vin avèg nèt.”
11:1 Jr 22:6,7 11:1 Éz 31:3 11:3 Jr 25:34-36 11:4 Sòm 44:22 11:5 Os 12:8; Éz 34:2,3 11:6 Jr 13:14 11:6 Sòm 50:22 11:7 Sòm 27:4 11:7 Sòm 133:1 11:8 Os 5:7 11:9 Jr 15:2 11:10 Sòm 89:39 11:11 So 3:12 11:12 Jen 37:28 11:13 Mat 27:3-10 11:14 És 9:21 11:15 És 6:10-12 11:16 Jr 23:2 11:17 Jr 23:1