10
Mande pou lapli ki sòti
nan SENYÈ a nan epòk prentan.
Se SENYÈ a ki fè nwaj tanpèt yo;
epi se Li ki bay lapli lejè a tout
pou jaden plant yo.
Paske zidòl lakay yo pale inikite;
divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè,
ke yo repete kòn fo rèv.
Yo bay rekonfò an ven.
Konsa, pèp la mache egare tankou mouton;
yo aflije akoz yo pa gen bèje.
 
Kòlè Mwen limen kont bèje yo.
Mwen va pini mal kabrit yo,
paske SENYÈ dèzame yo te vizite
bann mouton li an lakay Juda,
e Li va fè yo vin tankou cheval
majeste Li nan batay la.
De li menm, va vin parèt wòch ang lan,
de li menm, pikèt tant lan,
de li menm, banza batay la,
de li menm, tout wa yo ansanm.
Yo va tankou mesye pwisan yo,
k ap foule lènmi yo anba pye yo,
nan labou lari a nan batay la.
Yo va goumen, paske SENYÈ a va avèk yo;
epi sila ki monte sou cheval yo va anbwouye.
 
Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen va
sove lakay Joseph la, e
mwen va fè yo retounen;
paske Mwen gen konpasyon pou yo.
Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo,
paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo,
e mwen va reponn yo.
Éphraïm va vin tankou yon gwo nonm pwisan
e kè yo va kontan konsi se ak diven.
Anverite, pitit yo va wè sa,
e yo va kontan,
kè yo va rejwi nan SENYÈ a.
Mwen va soufle pou yo
pou yo kab vin rasanble yo,
paske Mwen te rachte yo.
Konsa, yo va vin anpil,
jan yo te ye oparavan an.
Lè Mwen gaye yo pami lòt pèp yo,
yo va sonje Mwen nan peyi lwen yo.
Yo va viv ak pitit yo,
e yo va retounen.
10 Mwen va mennen yo retounen
soti nan peyi Égypte la,
e rasanble yo soti Assyrie.
Mwen va mennen yo antre nan peyi
Galaad ak Liban jiskaske pa gen espas pou yo.
11 Li va pase nan lanmè afliksyon an,
e Li va frape lanm lanmè yo,
jiskaske tout pwofondè Rivyè Nil lan vin sèch.
Epi ògèy Assyrie va vin bese e
baton Égypte la va sòti.
12 Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a.
Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.
10:1 Jl 2:23 10:1 Jr 10:13 10:2 Éz 21:21 10:2 Jr 27:9 10:3 Jr 25:34-36 10:3 Éz 34:12 10:4 Luc 20:17 10:5 II Sam 22:43 10:6 Za 8:8 10:6 És 54:8 10:7 És 54:13 10:8 Jr 33:22 10:8 Éz 36:11 10:9 I Wa 8:47,48 10:10 Jr 50:19 10:10 És 49:19,20 10:11 És 51:9,10 10:11 És 19:5-7 10:12 Mi 4:5