7
Nan katriyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, nan katriyèm jou nevyèm mwa a, ki se Kisleu. Alò, vil Béthel te voye Scharetser, Réguem-Mélec avèk moun pa yo pou chache favè SENYÈ a, pou li te pale ak prèt ki apatyen a lakay SENYÈ Dèzame Yo, a pwofèt yo pou di: “Èske mwen ta dwe kriye nan senkyèm mwa a, pou mete m apa, menm jan mwen te fè l pandan tout lane sa yo?”
Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: “Di a tout pèp peyi a, e a prèt yo: ‘Lè nou te fè jèn ak lamantasyon nan senkyèm jou nan setyèm mwa yo, pandan swasann-dis ane sila yo, èske se te vrèman pou Mwen ke nou te fè jèn nan? Lè nou manje ak bwè, èske nou pa manje pou pwòp tèt nou, e èske nou pa bwè pou pwòp tèt nou? Èske se pa pawòl sila yo ke SENYÈ a te pwoklame pa ansyen pwofèt yo, lè Jérusalem te gen anpil moun, e t ap pwospere ansanm ak vil ki te antoure li yo, e lè Negev ak ti kolin yo te gen moun ki t ap viv ladan yo?’ ”
Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Zacharie. Li te di: “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Ekzekite vrè jijman, e pratike ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li. 10  Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’ 11 Men yo te refize koute sa. Yo te leve zepòl yo, e te bouche zòrèy yo pou yo pa tande. 12 Yo te fè kè yo di tankou silèks pou yo pa tande lalwa ak zèv ke SENYÈ dèzame yo te voye pa Lespri Li pa ansyen pwofèt yo. Akoz sa, chalè a gwo kòlè a te sòti nan SENYÈ dèzame yo. 13 Epi menm jan Li te rele pou yo pa koute, konsa yo va rele, e Mwen p ap koute, pale SENYÈ dèzame yo. 14 Men Mwen va gaye yo ak yon van tanpèt pami tout nasyon ke yo pa t konnen yo. Se konsa peyi a te vin dezole dèyè yo pou pèsòn moun pa t fè ale vini ladann. Paske yo te fè bèl peyi a vin dezole nèt.”
7:1 Né 1:1 7:2 I Wa 13:6 7:3 Esd 3:10-12; Za 8:19 7:5 Za 1:12 7:5 És 1:11,12 7:7 Jr 22:21; Jr 13:19 7:9 Éz 18:8 7:9 II Sam 9:7 7:10 Egz 22:22 7:10 Sòm 21:11 7:11 Jr 5:3 7:12 II Kwo 36:13 7:12 Jr 17:1 7:13 Pwov 1:24-28 7:14 Det 4:27 7:14 És 60:15