8
Pawòl SENYÈ Dèzame yo te vini kote mwen. Li te di: Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Mwen jalou anpil pou Sion; wi, ak gwo kòlè Mwen jalou pou li.”
Konsa pale SENYÈ a: “Mwen fin retounen nan Sion, e Mwen va demere nan mitan Jérusalem. Jérusalem va rele ‘Vil Verite a, e Mòn SENYÈ Dèzame yo, yo va rele ‘Mòn Sen an.’ ”
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Va gen ni granmoun gason, ni granmoun fanm nan ri a Jérusalem yo. Chak gason ak baton nan men l akoz anpil laj li. Epi ri vil yo va vin ranpli ak jenn gason, e jenn fi k ap jwe nan ri yo tou.”
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Si sa parèt etonnan nan zye a retay pèp sila a, nan jou sa yo, èske sa va parèt etonnan tou nan zye pa m?” deklare SENYÈ Dèzame yo.
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Gade byen, Mwen va sove pèp Mwen soti nan peyi lès la, e soti nan peyi lwès la. Mwen va mennen yo vin rete nan mitan Jérusalem. Yo va pèp Mwen, e Mwen va Bondye yo nan laverite ak ladwati.”
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Kite men nou vin dyanm, nou menm k ap koute nan jou sa yo, pawòl sa yo ki soti nan bouch a pwofèt ki te pale nan jou ke fondasyon kay SENYÈ Dèzame yo te poze a, menm tanp lan, pou li te kapab vin bati. 10 Paske avan jou sa yo, pa t gen salè pou moun, pa t gen salè bèt; pa t gen lapè nonplis pou sila ki t ap antre oswa ki t ap soti, akoz lènmi li yo. Paske Mwen te mete tout moun kont pwochen yo. 11 Men koulye a, Mwen p ap aji ak retay pèp sa a tankou nan tan ansyen yo,” deklare SENYÈ Dèzame yo. 12 “Paske va gen semans lapè; pye rezen an va bay fwi li, peyi a va fè pwodiksyon pa l, e syèl yo va bay lawouze yo. Konsa, Mwen va fè retay a pèp sa a vin eritye tout bagay sa yo. 13 Li va vin rive ke menm jan nou te yon madichon pami nasyon yo, O lakay Juda, konsa Mwen va sove nou, pou nou kapab devni yon benediksyon. Pa pè, men kite men nou rete dyanm.”
14 Paske konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Menm jan ke Mwen te gen entansyon fè nou mal lè papa zansèt nou yo te pwovoke Mwen a lakòlè a,” pale SENYÈ Dèzame yo, “epi Mwen pa t ap repanti, 15 konsa ankò, Mwen te pran desizyon nan jou sila yo pou fè byen pou Jérusalem ak lakay Juda. Pa pè! 16 Sa yo se bagay ke nou va fè yo: pale verite a youn lòt, egzekite jijman pou laverite ak lapè nan pòtay nou yo. 17 Anplis, ke pèsòn nan nou pa fè plan mal nan kè li kont pwochen li, ni pa renmen fo sèman nan jijman. Paske tout sa yo se bagay ke M rayi,” deklare SENYÈ a.
18 Epi pawòl SENYÈ Dèzame yo te vin kote mwen. Li te di: 19 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Jèn nan katriyèm mwa a, jèn nan senkyèm mwa a, jèn nan setyèm mwa a, e jèn nan dizyèm mwa yo va devni pou lakay Juda gwo lajwa, kè kontan ak gwo fèt rejwisans; Donk lanmou, laverite ak lapè.”
20 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Li va toujou rive ke pèp nasyon yo va vini, pèp a anpil vil. 21 Pèp k ap viv nan yon nasyon va ale nan yon lòt e va di: ‘Annou ale vit chache favè SENYÈ a, e chache SENYÈ Dèzame yo. Mwen menm tou, mwen prale.’ 22 Konsa anpil pèp ak nasyon pwisan va vin chache SENYÈ Dèzame yo nan Jérusalem, e pou mande favè SENYÈ a.” 23 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Nan jou sila yo, dis mesye ki nan tout nasyon yo va kenbe vètman an sila ki Jwif la, e va di: ‘Na p ale avèk ou, paske nou tande ke Bondye avèk ou.” ’
8:2 Za 1:14 8:3 Za 2:10,11 8:4 És 65:20 8:5 Jr 30:19,20 8:6 Jr 32:17,27 8:7 Sòm 107:3 8:8 So 3:20 8:8 Éz 11:20 8:9 Esd 5:1 8:10 II Kwo 15:5 8:10 És 19:2 8:11 Sòm 103:9 8:12 Lev 26:3-6 8:12 És 61:7 8:13 Jr 29:18 8:13 Sòm 72:17 8:14 Jr 31:28 8:14 Jr 4:28 8:15 Jr 29:11 8:16 Sòm 15:2 8:16 És 9:7 8:17 Pwov 3:29; Za 5:4 8:19 Za 7:3,5 8:19 Luc 1:74,75 8:20 Sòm 117:1 8:21 Za 7:2 8:22 És 2:2,3 8:22 Za 8:21 8:23 És 45:14-24