10
Pwovèb a Salomon yo.
Yon fis ki saj fè papa li kontan,
men yon fis ki plen ak foli
se yon gwo doulè pou manman l.
Richès ranmase pa mechanste pa reyisi,
men ladwati delivre soti nan lanmò.
SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou,
men l ap rejte lanvi mechan an.
Malere se sila ki travay ak men lach;
men lamen moun dilijan an, anrichi.
Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an a,
se yon fis ki aji ak sajès;
men sila ki dòmi nan lè rekòlt la,
fè gwo wont.
Benediksyon se sou tèt a moun dwat la;
men bouch mechan an kache vyolans.
Memwa a moun dwat la beni;
men non mechan an vin pouri.
Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la;
men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi.
Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite;
men sila ki fè wout kwochi a va vin dekouvri.
10 Sila ki bat zye a, koze pwoblèm,
e moun fou a ki pale anpil, fè dega.
11  Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi,
men bouch a mechan an kache vyolans.
12 Rayisman pwovoke konfli;
men lanmou kouvri tout fot.
13 Sou lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès;
men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.
14 Moun saj yo ranmase konesans;
men ak bouch moun fou a, destriksyon an toupre.
15 Byen a moun rich se yon sitadèl pou li.
Sa ki detwi malere a se mizè.
16  Salè a moun dwat se lavi;
revni a mechan an se pinisyon.
17 Sila ki swiv enstriksyon an, sou wout lavi;
men sila ki pa tande repwòch la vin egare nèt.
18 Sila ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti;
e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.
19 Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite;
men sila ki frennen lèv li gen sajès.
20 Lang a moun dwat yo se tankou ajan pi chwazi a;
men kè a mechan an vo piti.
21  Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje;
men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann.
22 Benediksyon SENYÈ a fè moun rich;
konsa li pa mele ak chagren.
23 Fè mal se tankou fè spò pou moun san konprann nan;
e se konsa sajès la ye pou moun entèlijan an.
24 Sa ke mechan an pè a, ap rive sou li;
men sa ke moun dwat la vle, va vin reyisi.
25 Lè toubiyon an fin pase, mechan an vin disparèt;
men moun dwat la gen yon fondasyon etènèl.
26 Tankou vinèg anba dan ak lafimen nan zye;
se konsa parese a ye pou sila ki voye li yo.
27  Lakrent SENYÈ a pwolonje lavi;
men lane mechan yo va kout.
28 Lespwa a moun dwat la se kè kontan;
men entansyon mechan an va peri.
29 Chemen Bondye a se yon sitadèl pou moun dwat yo;
men destriksyon nèt pou tout ouvriye inikite yo.
30 Moun ladwati a p ap janm souke;
men mechan yo p ap demere nan peyi a.
31  Bouch a moun dwat la koule ak sajès;
men lang pèvès la vin koupe.
32 Lèv a moun dwat yo fè parèt sa ki bon;
men bouch a mechan an, sa ki pèvèti.
10:2 Sòm 49:7 10:6 Pwov 10:11 10:7 Sòm 9:5 10:8 Pwov 9:8 10:9 Pwov 26:6 10:10 Sòm 35:19 10:11 Sòm 37:30 10:13 Pwov 10:31 10:14 Pwov 10:8-10 10:15 Pwov 19:7 10:16 Pwov 11:18-19 10:17 Pwov 6:23 10:18 Pwov 26:24 10:19 Pwov 17:27 10:20 Pwov 8:19 10:21 Pwov 10:11 10:24 Sòm 145:19 10:26 Pwov 26:6 10:27 Pwov 3:2 10:28 Job 8:13 10:29 Pwov 21:15 10:30 Pwov 2:22 10:31 Sòm 37:30 10:32 Ekl 12:10