11
1 Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a;  
men yon pwa ki jis se plezi Li.   
2 Lè ògèy vin monte, dezonè vin swiv;  
men avèk moun enb lan, se sajès.   
3 Entegrite a moun dwat la va gide yo;  
men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.   
4 Richès pa gen avantaj nan jou jijman an;  
men ladwati va delivre moun soti nan lanmò.   
5 Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa;  
men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li.   
6 Ladwati a moun dwat yo va delivre yo;  
men moun trèt yo va kenbe pa pwòp vorasite yo.   
7 Lè yon nonm mechan mouri,  
sa li anvizaje a mouri avè l.   
8 Moun dwat la va delivre soti nan twoub;  
men mechan an va pran plas li.   
9 Avèk bouch li, moun san Bondye a detwi vwazen li;  
men ak konesans, moun dwat yo va delivre.   
10 Lè sa ale byen ak moun dwat yo, vil la fè rejwisans;  
e lè mechan yo peri, gen gwo kri lajwa.   
11 Avèk benediksyon a moun dwat yo, yon vil vin leve wo;  
men avèk bouch a mechan yo, li vin chire nèt.   
12 Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt;  
men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.   
13 Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo;  
men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.   
14 Kote ki pa gen gid, moun yo tonbe;  
men ak anpil konseye, gen viktwa.   
15 Sila ki se garanti pou yon moun li pa konnen,  
va vrèman soufri pou sa a;  
men sila ki rayi vin yon garanti va asire.   
16 Yon fanm ak gras twouve onè;  
e mesye san prensip yo twouve richès.   
17 Yon nonm ki fè gras fè byen pou pwòp tèt li;  
men yon nonm mechan fè tèt li mal.   
18 Mechan an ranmase salè li nan koken;  
men sila ki simen ladwati a, va twouve vre rekonpans lan.   
19 Sila ki fidèl nan ladwati a va jwenn lavi,  
e sila ki pouswiv mal la va jwenn pwòp lanmò pa li.   
20 Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a;  
men sila ki san tò nan chemen yo, se plezi Li.   
21 Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon;  
men desandan a moun dwat yo va delivre.   
22 Tankou yon bag fèt an lò nan nen a kochon,  
se konsa yon bèl fanm ki manke bon sans.   
23 Dezi a moun dwat la se sèlman sa ki bon;  
men dezi a mechan an mennen jijman.   
24 Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis.  
Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.   
25 Sila ki bay ak bon kè a va pwospere;  
sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.   
26 Sila ki refize bay manje sereyal la, va modi pa pèp la;  
men benediksyon va tonbe sou sila ki vann li an.   
27 Sila ki chache sa ki bon an, chache favè Bondye;  
men sila ki chache mal la,  
se mal la k ap vin jwenn li.   
28 Sila ki mete konfyans nan richès li va vin tonbe;  
men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa.   
29 Sila ki mennen twoub lakay li va eritye van;  
e san konprann nan va vin sèvitè a sila ki gen kè saj la.   
30 Fwi ladwati a se yon pyebwa lavi,  
e sila ki saj yo va sove nanm yo.   
31 Si moun dwat yo twouve rekonpans yo sou latè,  
konbyen anplis pou mechan an avèk pechè a!