9
Sajès bati kay li a;
li taye sèt gwo pilye li yo.
Li te prepare manje li,
li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.
Li voye demwazèl li yo deyò,
li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:
“Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!”
Pou sila ki manke bon konprann nan, li di:
“Vin manje manje mwen an,
e bwè diven ke m te melanje a.
Kite foli ou pou ou ka viv;
epi avanse nan chemen bon konprann nan.”
 
Sila ki korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li,
e sila ki repwoche yon nonm mechan
va resevwa ofans sou tèt li.
Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou;
repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.
Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj,
enstwi yon nonm dwat e li va ogmante konesans li.
10  Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès
e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
11 Paske pa mwen, jou ou yo va miltipliye,
e ane yo ap ogmante sou lavi ou.
12 Si ou saj, ou saj pou pwòp tèt ou;
e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.
 
13 Fanm sòt pale byen fò ak gwo vwa;
li bèt, e li pa konnen anyen.
14 Li chita devan pòtay lakay li,
sou yon chèz akote wo plas vil yo.
15 Li rele sila ki pase yo,
ki ap fè chemen yo dwat yo:
16  Sila ki pa konnen anyen an,
kite li antre isit la.
Pou sila ki manke konprann nan, li di:
17 “Dlo yo vòlè dous
e pen ki manje an sekrè byen agreyab.”
18 Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a.
Vizitè li yo la.
Yo nan fon Sejou mò yo.
9:1 Kol 3:9-10 9:2 Mat 22:4 9:3 Sòm 68:11 9:4 Pwov 6:32 9:5 Kan 5:1 9:6 Éz 11:20 9:7 Pwov 23:9 9:8 Sòm 141:5 9:9 Pwov 1:5 9:10 Job 28:28 9:11 Pwov 3:16 9:12 Job 22:2 9:13 Pwov 7:11 9:14 Pwov 9:3 9:16 Pwov 9:4 9:17 Pwov 20:17