18
Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l;
bon jijman an pa anyèn devan l.
Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann;
men sèlman nan devwale pwòp panse li.
Lè yon nonm mechan vin parèt, mepriz la vini ansanm avè l;
e avèk dezonè, wont vin parèt.
Pawòl yo ki sòti nan bouch a yon nonm se yon dlo byen fon;
dlo sajès se yon dlo fre k ap koule tout tan.
Panche vè youn moun mechan an pa bon,
ni pou fè jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo.
Lèv a yon moun ensanse mennen konfli;
bouch li ap mande kou.
Bouch a moun san konprann nan se dega li;
e lèv li se pèlen pou nanm li.
Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nan
se tankou bonbon ki gen gou dous;
se jis nan fon kò a yo desann.
Anplis, sila ki parese nan travay li a
se frè a sila ki detwi.
10  Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò;
moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.
11 Pou yon nonm rich, byen li se yon vil ki fò;
kon yon miray byen wo nan panse li.
12  Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy;
men imilite ale devan onè.
13 Sila ki bay repons avan li koute a;
plen foli ak wont.
14 Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi;
men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li?
15  Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans;
anplis, zòrèy a saj la chache konesans.
16  Don a yon nonm fè kont espas pou li,
e mennen li devan moun enpòtan.
17 Premye moun pou plede ka li a, sanble gen rezon;
jiskaske yon lòt moun vin egzamine l.
18  Tiraj osò fè konfli sispann;
lap pran desizyon antre moun pwisan yo.
19 Yon frè ki blese se pi rèd pou konvenk pase yon vil fòtifye;
konfli ak li se tankou ba fè nan yon sitadèl.
20 Se fwi a bouch moun ki satisfè vant li;
l ap satisfè ak sa ke lèv li pwodwi.
21  Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan;
e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.
22 Sila ki jwenn yon madanm, jwenn yon bon bagay,
e twouve favè SENYÈ a.
23  Malere a pale: “Souple, fè m gras”;
men moun rich la reponn byen di.
24 Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt;
men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.
18:2 Pwov 12:23 18:4 Pwov 20:5 18:7 Sòm 64:8 18:9 Pwov 28:24 18:10 Egz 3:15 18:11 Pwov 10:15 18:12 Pwov 11:2 18:13 Pwov 20:25 18:15 Pwov 15:4 18:16 Jen 32:20 18:18 Pwov 16:33 18:20 Pwov 14:14 18:21 Pwov 12:13 18:22 Jen 2:18 18:23 Pwov 19:7 18:24 Pwov 17:17