19
Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite
pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.
Anplis, li pa bon pou gen gwo kouraj, san konesans,
ni pou prese rive fè fo pa.
Foli a yon nonm fè chemen l gate;
e kè li anraje kont SENYÈ a.
Richès fè zanmi ogmante anpil;
men malere pèdi zanmi li yo.
Yon fo temwen pa prale san pinisyon;
e sila ki fè manti a, p ap chape.
Anpil moun va chache favè a yon moun jenere ak men ouvri;
tout moun se zanmi a sila ki bay kado.
Tout frè a malere yo a rayi li;
konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l.
L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.
Sila ki twouve sajès renmen pwòp nanm li.
Sila ki kenbe ak bon konprann nan va jwenn sa ki bon.
Yon fo temwen pa prale san pinisyon;
epi sila ki bay manti a, va peri.
10 Lavi alèz pa fèt pou moun ensanse;
bokou mwens pou yon esklav ta gen otorite sou prens yo.
11 Yon nonm ak bon konprann lan nan kòlè;
se glwa li pou bliye yon transgresyon.
12  Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele fò;
men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt.
13 Se yon fis plen foli k ap detwi papa l,
e yon madanm k ap diskite a
se tankou dlo kap degoute san rete.
14 Kay ak byen se eritaj ki sòti nan papa;
men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a.
15  Parès va voye yon pwofon somèy sou moun,
e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.
16 Sila ki kenbe kòmandman an kenbe nanm li,
men sila ki enpridan nan kondwit va mouri.
17 Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a,
e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.
18  Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa;
pa chache lanmò li.
19 Yon nonm ak gwo kòlè va pote pinisyon li;
paske si ou pwoteje moun nan ou va oblije fè l ankò.
20 Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou
kab vin saj pou tout rès vi ou.
21 Plan nan kè lòm yo anpil;
men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.
22 Sa ki dezirab nan yon nonm se yon kè ki dous.
Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè.
23  Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi
ak kè satisfè, san kontamine ak mal.
24 Parese a fouye men l nan plato a;
men li refize rale l rive nan bouch li.
25 Frape yon mokè pou moun san konprann nan vin gen lespri;
repwòch a yon moun bon konprann,
va fè l genyen konesans.
26 Sila ki atake papa li e chase manman l ale,
se yon fis ki fè wont ak dega patou.
27 Sispann koute disiplin, fis mwen an
e ou va pèdi chemen konesans.
28 Yon temwen ki fè dezòd moke lajistis;
e bouch mechan an gaye inikite.
29 Gen desizyon jijman pou mokè yo;
ak kou pou do a moun ensanse yo.
19:1 Pwov 28:6 19:2 Pwov 21:5 19:4 Pwov 14:20 19:5 Egz 23:1 19:6 Pwov 29:26 19:7 Pwov 18:23 19:8 Pwov 16:20 19:9 Pwov 19:5 19:10 Pwov 30:22 19:11 Mat 5:44 19:12 Pwov 16:14 19:13 Pwov 21:9-19 19:14 II Kwo 12:14 19:15 Pwov 6:9-10 19:16 Pwov 16:16 19:17 Det 15:7-8 19:18 Pwov 13:24 19:23 Pwov 14:27 19:25 Pwov 9:8 19:26 Pwov 28:24 19:28 Job 15:16