20
Diven se yon mokè, e bwason fò fè goumen rive nan tenten;
nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.
Laperèz a wa a se tankou gwo vwa lyon k ap rele fò;
sila ki fè l fache va pèdi lavi l.
Rete lwen konfli ak rayisman, e ou va gen respe;
alò, nenpòt moun ensanse ka fè yon kont.
Parese a pa laboure tè nan sezon otòn;
akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.
Yon plan nan kè moun se tankou dlo fon;
men yon nonm ak bon konprann rale l fè l sòti.
Gen anpil moun ki pwomèt fidelite;
men kibò pou jwenn yon nonm onèt?
Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l;
A la beni fis ki vini apre li yo beni!
Yon wa ki chita sou twòn lajistis
fè tout mal sove ale ak pwòp zye l.
Se kilès ki kapab di: “Mwen te netwaye kè m;
mwen vin pirifye de tout peche m?”
10  Balans ki pa ojis ak mezi ki pa ojis;
tou de abominab a SENYÈ a.
11 Menm yon ti moun se rekonnet pa zèv li yo;
si li aji byen e si kondwit li dwat.
12  Zòrèy ki tande ak zye ki wè;
se SENYÈ a ki te fè tou de.
13  Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere;
ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.
14 “Pa bon, pa bon”, di sila k ap achte a;
men lè l fè wout li, li pale kè l kontan.
15 Gen lò ak tout kalite bijou;
men lèv plèn konesans se pi bèl bagay.
16 Lè l sèvi garanti pou yon enkoni, pran manto li;
epi pou fanm andeyò a, fè papye pwose vèbal pou sa li pwomèt la.
17  Pen kòn twouve nan bay manti dous;
men pita, bouch la plen gravye.
18 Fè tout plan ak konsiltasyon;
fè lagè ak konsèy saj.
19 Sila ki difame moun devwale sekrè;
pou sa a, pa asosye ou ak moun ki mache bouch ouvri.
20 Sila ki modi papa li oswa manman li an,
lanp li va etenn nan tan fènwa.
21 Yon eritaj ranmase vit nan kòmansman a, p ap beni nan lafen.
22  Pa di: “M ap rekonpanse mechanste”;
tann SENYÈ a, e Li va sove ou.
23  Pwa ki pa ojis ak mezi ki pa ojis;
tou de abominab a SENYÈ a.
24  Pa a yon nonm regle pa SENYÈ a;
konsa, kijan yon nonm kab vin konprann chemen li?
25 Se yon pèlen pou yon nonm ta di avèk enpridans:
“Sa sen!” e aprè ve yo fèt, pou fè ankèt.
26 Yon wa ki saj va vannen mechan yo
e fè wou moulen pase anwo yo.
27 Lespri a lòm se lanp SENYÈ a,
ki chache pati ki pi entim nan li yo.
28 Fidelite ak verite prezève wa a,
e ladwati bay twòn li an soutyen.
29 Glwa a jèn yo se fòs yo,
e lonè a granmoun yo se cheve blan yo.
30  Kout fwèt ki blese fè disparèt mechanste;
li frape rive nan pati pi fon yo.
 
20:1 Pwov 3:14 20:2 Nonb 16:38 20:3 Jen 13:7 20:4 Pwov 13:4 20:7 Sòm 37:26 20:8 Pwov 20:26 20:9 I Wa 8:46 20:10 Pwov 11:1 20:11 Mat 7:16 20:12 Egz 4:11 20:13 Pwov 6:9-10 20:17 Pwov 9:17 20:18 Pwov 24:6 20:20 Egz 21:17 20:22 Sòm 27:14 20:23 Pwov 11:1 20:24 Pwov 16:9 20:25 Ekl 5:4-5 20:26 És 28:27 20:28 Pwov 29:14 20:30 Sòm 89:32