21
Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a;
Li vire l kote Li vle.
Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li;
men SENYÈ a peze kè yo.
SENYÈ a pito ladwati ak lajistis
plis pase sakrifis.
Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy;
lanp a mechan yo se peche.
Plan a dilijan an mennen byen si, vè avantaj;
men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti
se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.
Vyolans a mechan yo va trennen yo fè yo pati,
akoz yo refize aji ak jistis.
Chemen a yon moun koupab kwochi;
men pou sila ki san tach la, kondwit li dwat.
Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati a
pase nan yon kay ak yon fanm k ap fè kont tout tan.
10 Nanm a mechan an vle mal;
vwazen li an pa twouve gras nan zye l.
11 mokè a vin pini, moun san konprann nan vin saj;
men lè moun saj la enstwi, li resevwa konesans.
12 Lè sila ki dwat, pran an konsiderasyon kay mechan an,
afè mechan an vin detwi nèt.
13 Sila ki fèmen zòrèy li a kri aflije a,
va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn repons.
14 Yon kado vèse an sekrè kalme fachez,
e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè.
15 Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat;
men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo.
16 Yon nonm egare ki kite chemen bon konprann nan,
va jwenn repo nan asanble mò yo.
17 Sila ki renmen plezi, va vin pòv;
sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.
18 Mechan an se yon ranson pou moun dwat yo;
e sila ki fè trèt la pou sila ki kanpe janm.
19  Li pi bon pou rete nan dezè
pase viv ak yon fanm k ap agase moun tout tan.
20 Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la;
men, moun san konprann nan vale tout.
21 Sila ki swiv ladwati ak fidelite a
jwenn lavi, ladwati ak lonè.
22 Yon nonm saj monte sou miray vil pwisan,
e fè tonbe sitadèl la ki te bay yo konfyans.
23 Sila ki veye bouch li ak lang li
pwoteje nanm li kont gwo twoub.
24 Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè;
men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.
25 Se volonte a parese a ki fè l mouri,
paske men li refize travay;
26 Gen moun tout lajounen kap anvi yon bagay,
pandan moun dwat yo ap vèse bay san rete.
27 Sakrifis a mechan yo abominab;
se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa.
28 Yon fo temwen va peri;
men sila ki koute verite a va pale ak letènite.
29 Moun mechan an afiche yon figi brav;
men pou moun ladwati a, chemen li an sèten.
30  Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.
31 Cheval la prepare pou jou batay la;
men viktwa a se nan men SENYÈ a.
 
21:1 Esd 6:22 21:2 Pwov 16:2 21:3 I Sam 15:22 21:4 Pwov 24:20 21:5 Pwov 10:4 21:7 Am 5:7 21:8 Pwov 2:15 21:11 Pwov 19:25 21:12 Pwov 14:11 21:13 Mat 18:30-34 21:13 Jc 2:13 21:14 Pwov 18:16 21:17 Pwov 23:21 21:18 És 43:3 21:19 Pwov 21:9 21:20 Job 20:15-18 21:21 Pwov 15:9 21:22 II Sam 5:6-9 21:23 Pwov 12:13 21:25 Pwov 13:4 21:26 Sòm 37:26 21:28 Pwov 19:5-9 21:29 Sòm 119:5 21:30 Jr 9:23 21:31 Sòm 3:8