22
Yon bon non pi bon pase tout richès;
e favè Bondye, pase ajan ak lò.
Rich la ak malere a mare ansanm;
se SENYÈ a ki fè yo tout.
Sila ki reflechi, wè mal e kache kò li;
men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.
Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a
se richès, bon repitasyon, ak lavi.
Pikan ak pèlen se nan chemen a pèvès yo;
sila ki veye nanm li, va rete lwen yo.
Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
Rich yo domine sou pòv yo,
e moun ki prete vin esklav a sila k ap bay prè a.
Sila ki simen inikite a va rekòlte vanite;
e baton kòlè li a va detwi.
Sila ki bay ak men louvri va beni;
paske li bay manje a malere.
10  Mete moun k ap moke moun yo deyò,
e diskisyon an prale tou;
wi, konfli ak dezonore moun ap sispann.
11 Sila ki renmen kè ki san tach
e ki pale ak gras, va zanmi a wa a.
12 Zye a SENYÈ a konsève konesans;
men Li boulvèse pawòl moun malveyan yo.
13  Parese a di: “Gen yon lyon deyò a;
m ap mouri nan lari!”
14 Bouch a fanm adiltè a se yon fòs byen fon;
sila ke SENYÈ a modi va tonbe ladann.
15 Foli mare nan kè a yon timoun;
baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.
16 Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li;
ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete.
 
17  Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo;
epi aplike ou a konesans mwen.
18 Paske sa va byen agreyab pou ou
si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.
19 Pou konfyans ou kapab nan SENYÈ a,
mwen te enstwi ou jodi a, menm ou menm nan.
20 Èske mwen pa t ekri ou trant bèl bagay,
de konsèy ak konesans yo?
21 Pou fè ou konnen vrè pawòl verite yo,
pou ou kab byen reponn sila ki te voye ou a?
 
22 Pa vòlè malere a paske li pòv,
ni kraze aflije nan pòtay la;
23 paske, SENYÈ a va plede ka yo
e pran lavi a sila ki vòlè yo.
 
24 Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè;
oswa ale ak yon moun kolerik,
25 sinon, ou va aprann mès li yo
e jwenn yon pèlen pou tèt ou.
26 Pa konte pami sila ki sèvi kon garanti yo,
pami sila ki fè sekirite pou dèt yo.
27 Si ou pa gen mwayen pou ou kab peye,
poukisa ou ta kite l rale kabann nan sòti anba ou?
 
28  Pa deplase ansyen bòn
ke papa zansèt nou yo te mete a.
29 Èske ou wè yon nonm byen abil nan travay li?
Li va kanpe devan wa yo;
li p ap oblije kanpe devan nenpòt kalite vye moun.
 
22:1 Pwov 10:7 22:2 Job 31:15 22:3 Pwov 14:16 22:5 Pwov 15:19 22:6 Ef 6:4 22:7 Pwov 18:23 22:8 Job 4:8 22:9 Pwov 19:17 22:10 Jen 21:9-10 22:11 Sòm 24:4 22:13 Pwov 26:13 22:14 Pwov 21:16 22:17 Pwov 5:1 22:18 Pwov 2:10 22:19 Pwov 3:5 22:20 Pwov 8:6 22:21 Luc 1:3-4 22:22 Za 7:10 22:23 I Sam 25:39 22:24 Pwov 29:22 22:25 I Kor 15:33 22:26 Pwov 17:18 22:27 Egz 22:26 22:28 Det 19:14 22:29 Jen 41:46