23
Lè ou chita sou tab ak yon ki gouvènè,
konsidere byen sa ki devan ou.
Konsa, mete yon kouto sou gòj ou
si ou se yon nonm ak gwo lanvi.
Pa dezire bon manje sa yo,
paske se yon repa desepsyon.
Pa fatige kò ou pou jwenn richès;
sispann reflechi sou sa.
Depi ou mete zye ou sou li, l ale.
Paske, anverite, li gen zèl kon yon èg
k ap vole vè syèl yo.
Pa manje pen a yon mesye ki chich,
ni anvi bèl bagay li;
paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye.
Li di ou: “Manje e bwè!” Men kè li pa avè w.
Ou va vomi mòso ke ou te manje a
e gaspiye tout bèl pawòl ou yo.
 
Pa pale nan zòrèy a moun sòt,
paske l ap meprize sajès a pawòl ou yo.
 
10 Pa deplase ansyen bòn nan,
ni antre nan chan òfelen yo,
11 Paske Redanmtè yo a pwisan.
Li va plede ka yo kont ou.
 
12 Aplike kè ou a disiplin
ak zòrèy ou a pawòl ki pote konesans.
13  Pa ralanti disiplin sou yon timoun;
malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.
14 Ou va frape li ak baton
pou delivre nanm li de sejou mò yo.
 
15 Fis mwen an, si kè ou saj,
pwòp kè m va kontan tou.
16 Wi, jis anndan m va rejwi
lè lèv ou pale sa ki dwat.
17  Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo,
men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.
18 Anverite, gen davni,
e espwa ou p ap anile.
19 Koute, fis mwen an, vin saj
pou dirije kè ou nan chemen an.
20 Pa bwè twòp diven,
ni fè voras nan manje vyann;
21 paske sila ki bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv;
e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.
22  Koute papa ou ki te fè ou a,
e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.
23  Achte verite e pa vann li!
Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.
24 Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,
e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.
25 Kite papa ou ak manman ou fè kè kontan;
kite fanm ki te fè ou a, rejwi.
26 Ban m kè ou, fis mwen an;
kite zye ou fè kè kontan nan chemen mwen yo.
27 Paske yon pwostitiye se yon fòs byen fon,
e yon fanm adiltè se yon ti pwi etwat.
28 Anverite, li kache veye tankou vòlè,
pou l ogmante enfidelite pami lòm.
 
29 Se kilès ki gen gwo pwoblèm?
Se kilès ki gen tristès?
Se kilès ki gen konfli?
Se kilès kap plenyèn?
Se kilès ki blese san rezon?
Se kilès ki gen zye wouj?
30 Sila ki mize sou diven nan,
sila ki ale goute diven mele an.
31 Pa gade diven an lè l wouj,
lè l fè klè nan tas la,
lè l desann byen dous.
32 Nan dènye moman an, li mòde tankou sèpan;
li brile tankou bouch koulèv.
33 Zye ou va wè bagay ki dwòl,
e panse ou va twouble anpil.
34 Ou va tankou yon moun ki kouche nan mitan lanmè,
oswa tankou yon moun ki kouche sou ma batiman.
35 “Yo te frape m, men mwen pa t santi anyen!
Yo te bat mwen, men mwen pa t konnen sa!
Lè m leve, m ap chache pou m kab bwè ankò.”
 
23:2 Pwov 23:20 23:4 Pwov 3:5-7 23:5 Pwov 27:24 23:6 Det 15:9 23:7 Pwov 26:24-25 23:8 Pwov 25:16 23:9 Mat 7:6 23:10 Jr 22:3 23:11 Job 19:25 23:13 Pwov 13:24 23:14 I Kor 5:5 23:15 Pwov 23:24 23:16 Pwov 8:6 23:17 Sòm 37:1 23:18 Sòm 9:18 23:19 Pwov 4:23 23:20 Det 21:20 23:21 Pwov 21:17 23:22 Pwov 1:8 23:23 Pwov 4:7 23:24 Pwov 10:1 23:25 Pwov 27:11 23:26 Sòm 1:2 23:27 Pwov 5:20 23:28 Pwov 6:26 23:29 És 5:11-22 23:30 I Sam 25:36 23:31 Kan 7:9 23:32 Job 20:16 23:33 Pwov 2:12 23:35 Pwov 26:11