24
Pa fè anvi a moun mechan,
ni dezire pou avèk yo;
paske panse yo fòmante vyolans
e lèv yo pale inikite.
Avèk sajès, kay la bati
e avèk bon konprann, li vin etabli.
Pa konesans, chanm yon moun vin
ranpli avèk tout bèl kalite richès.
Yon nonm saj byen fò,
e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li.
Paske ak konsèy saj ou va fè lagè,
e ak konseye an abondans, gen viktwa.
Sajès twò wo pou moun ensanse a;
li pa ouvri bouch li nan pòtay la.
Yon moun ki fè plan pou fè mal,
moun va rele li magouyè.
Fòmante foli se peche,
e mokè a abominab a tout moun.
10 Si ou lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò.
11  Delivre sila k ap mennen vè lanmò a,
ak sila k ap mache tonbe vè labatwa a.
O, kenbe yo!
12 Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”;
èske Li pa konsidere sa, sila ki peze kè?
Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an?
Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?
13 Fis mwen, manje siwo myèl, paske li bon;
wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute.
14 Konnen ke sajès se konsa pou nanm ou;
si ou twouve li, va gen yon avni, e espwa ou p ap anile.
15  Pa kouche mete pyèj, o lòm mechan,
kont kote ke moun dwat la rete a.
Pa detwi kote repo li a;
16 paske yon nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò,
men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.
17  Pa rejwi lè lènmi ou tonbe.
Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe;
18 Oswa, SENYÈ a va wè l,
vin pa kontan e detounen kòlè Li de li.
19  Pa twouble tèt ou pou malveyan yo,
ni fè lanvi pou mechan yo,
20 paske pou yon nonm mechan, pa gen avni.
Lanp a mechan an va etenn nèt.
21 Fis mwen an, gen lakrent SENYÈ a ak wa a;
pa asosye ak sila ki pa stab yo,
22 paske, malè yo va leve vit.
Kilès ki konnen destriksyon an k ap sòti nan yo de a.
 
23 Sila yo, anplis, se pawòl a sajès:
 
patipri nan jijman pa bon.
24 Sila ki di a mechan an: “Ou dwat”,
pèp yo va modi li e nasyon yo va rayi li;
25 men pou sila ki repwoche mechan yo,
lap wale byen ak yo.
Bon benediksyon va tonbe sou yo.
26 Yon repons onèt tankou yon bo sou lèv yo.
27 Prepare tout travay ou a deyò;
byen prepare chan ou.
Apre, alò, bati kay ou.
28 Pa vin yon temwen kont vwazen ou san koz,
e pa bay manti ak lèv ou.
29  Pa di: “Se konsa mwen va fè l paske li te fè m konsa;
mwen va rann a nonm nan selon zèv li yo.”
30 Mwen te pase nan chan parese a;
akote chan rezen a nonm ki manke bon konprann nan.
31 Epi gade byen, li te plen ak raje pikan,
e kouvri ak move zèb,
Miray an wòch la te fin kraze nèt.
32 Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa;
mwen te gade e m te resevwa enstriksyon.
33  “Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men pou repoze,”
34 Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè;
ak bezwen tankou yon bandi kon zam.
24:1 Sòm 1:1 24:2 És 30:12 24:3 Pwov 9:1 24:4 Pwov 8:21 24:6 Pwov 11:14 24:7 Sòm 10:5 24:10 Det 20:8 24:11 Sòm 82:4 24:12 Ekl 5:8 24:13 Sòm 19:10 24:14 Pwov 2:10 24:15 Sòm 10:9-10 24:16 Job 5:19 24:17 Job 31:29 24:19 Sòm 37:1 24:20 Job 15:31 24:21 Wo 13:1-7 24:22 Pwov 24:16 24:23 Pwov 18:5 24:24 Pwov 11:26 24:25 Pwov 28:23 24:28 Lev 6:2-3 24:29 Pwov 20:22 24:30 Pwov 6:22 24:31 És 5:5 24:33 Pwov 6:10