10
Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè?
Poukisa Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?
Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo.
Kite yo kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.
Paske mechan a ap vin ògeye sou dezi kè li a;
li beni moun voras la,
e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.
Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye,
Tout panse li se ke: “Nanpwen Bondye.”
Chemen pa li yo reyisi tout tan;
Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo.
Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.
Li di a pwòp tèt li: “Mwen p ap ebranle menm;
Pandan tout jenerasyon yo,
mwen p ap gen pwoblèm ditou.”
Bouch li plen ak malediksyon, avèk
twonpe moun avèk oprime moun.
Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.
Li chita nan anbiskad pou veye vil yo;
nan anbiskad yo, li touye inosan yo.
Zye li yo veye san bat sila ki pa gen espwa yo.
Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li.
Li kache pou kenbe aflije yo;
li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen an.
10 Li akwoupi, li pare kò l;
konsa malere a vin tonbe
pa grif pwisan li yo.
11 Li pale a tèt li: “Bondye bliye.
Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa.”
 
12 Leve O SENYÈ!
O Bondye, leve men Ou wo!
Pa bliye aflije yo!
13 Poukisa mechan an te meprize Bondye?
Li te di nan tèt li: “Ou p ap egzije m sa”.
14 Ou te wè sa, paske Ou te wè kont
mechanste ak agase moun pou pran sa an men.
Malere a ap depann de Ou menm;
Se Ou ki konn ede òfelen an.
15  Kase bra a mechan yo avèk malfektè a!
Dekouvri mechanste li yo jiskaske
Ou pa twouve l ankò.
16 SENYÈ a se Wa a pou tout tan!
Nasyon yo va peri disparèt de peyi Li a.
17 O SENYÈ, Ou te tande dezi a enb yo;
Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,
18 pou bay jistis a òfelen an avèk oprime a,
pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.
10:1 Sòm 22:1 10:2 Sòm 7:16 10:3 Sòm 94:3 10:4 Sòm 14:1 10:6 Rev 18:7 10:7 Wo 3:14 10:8 Sòm 94:6 10:9 Sòm 140:5 10:11 Sòm 10:4 10:12 Sòm 17:7 10:14 Sòm 68:5 10:15 Sòm 37:17 10:16 Det 8:20 10:17 Sòm 9:18 10:18 Sòm 9:9