9
Pou direktè koral la; Yon sòm David
Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m;
Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.
Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou;
Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.
Lè lènmi m yo vire fè bak, yo tonbe e peri devan Ou.
Paske Ou te bay soutyen a dwa m,
avèk koz mwen ki jis;
Ou chita sou twòn Ou e fè jijman avèk ladwati.
Ou te fè chatiman nasyon yo;
Ou te detwi mechan yo;
Ou te efase non yo jis pou tout tan e pou tout tan.
Lènmi an te rive a nan fen, e li te kraze nèt.
Ou te dechouke vil yo, jiskaske memwa a yo vin disparèt.
Men SENYÈ a la jis pou tout tan;
Li te etabli twòn Li pou jijman.
Li va jije mond lan avèk ladwati;
Li va rann jijman pou pèp yo avèk jistis.
SENYÈ a va osi yon sitadèl pou sila ki oprime yo;
yon sitadèl nan tan twoub la.
10 Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou,
paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone
sila ki mete konfyans nan Ou yo.
11 Chante lwanj a SENYÈ a, ki rete nan Sion;
deklare pami pèp yo zèv Li yo.
12 Paske Sila ki egzije san an sonje yo;
Li pa janm bliye kri a sila ki oprime yo.
13 Fè m gras, O SENYÈ;
gade byen soufrans mwen akoz sila ki rayi mwen yo,
e fè m leve soti nan pòtay lanmò yo,
14 pou m kab pale tout lwanj a Ou menm.
Konsa, nan pòtay a fi Sion yo,
mwen kapab rejwi nan delivrans Ou.
15 Nasyon yo fin fonse kole nan twou fòs yo te fè a;
nan pèlen yo te fè, pwòp pye yo vin kole ladann.
16 Senyè a te leve tèt Li pou yo wè;
Li te rann jijman an.
Nan zèv a pwòp men Li, mechan an
kole nan pwòp pèlen li.
Tan
17  Mechan yo va retounen nan sejou lanmò a;
menm tout nasyon ki bliye Bondye yo.
18 Paske malere yo p ap bliye jis pou tout tan,
ni espwa a aflije yo p ap peri pou tout tan.
19 Leve, O SENYÈ, pa kite lòm vin genyen;
kite nasyon yo jije devan Ou.
20 Bay yo lakrent, O SENYÈ;
fè nasyon yo konnen ke se sèlman lòm yo ye.
Tan
9:1 Sòm 86:12 9:2 Sòm 83:18 9:3 Sòm 27:2 9:5 Sòm 69:28 9:6 Sòm 34:1 9:7 Sòm 89:14 9:11 Sòm 76:2 9:13 Sòm 30:3 9:14 Sòm 13:5 9:15 Sòm 57:6 9:16 Egz 7:5 9:17 Sòm 49:14 9:18 Sòm 9:12 9:19 Nonb 10:35 9:20 Sòm 62:9