11
Pou direktè koral la; yon sòm David
Se nan SENYÈ a ke m kache.
Kijan ou kapab di a nanm mwen:
“Sove ale kon yon zwazo nan mòn ou;
Paske, gade byen, mechan yo koube banza,
Yo fè flèch yo parèt sou kòd la,
pou tire nan fènwa sou sila ak kè ki dwat yo.
Si fondasyon yo vin detwi,
se kisa moun dwat yo kab fè?”
SENYÈ a nan sen tanp Li an.
SENYÈ a sou twon Li nan syèl la.
Zye Li veye.
Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.
SENYÈ a sonde sila ki jis yo avèk sila ki mechan yo;
men sila ki renmen vyolans, Li rayi nan kè L.
Sou mechan yo, Li va voye chabon cho tankou lapli;
dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.
Paske Bondye dwat.
Li renmen ladwati.
Sila ki kanpe dwat yo va wè figi Li.
11:1 Sòm 2:12 11:2 Sòm 64:3 11:3 Sòm 82:5 11:4 Rev 4:2 11:5 Jen 22:1 11:6 Sòm 18:13-14 11:7 Sòm 16:11