100
Yon Sòm Remèsiman an
Rele fò a SENYÈ tout latè a!
Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan!
Vini devan Li avèk chan lajwa.
Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye.
Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye.
Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.
Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,
e nan lakou Li yo avèk lwanj.
Ba Li remèsiman!
Beni non Li!
Paske Bondye bon.
Lanmou dous li a dire jis pou tout tan,
e fidelite Li a tout jenerasyon yo.
100:1 Sòm 95:1 100:2 Det 12:11-12 100:3 Job 10:3-8 100:5 Sòm 119:90