99
SENYÈ a renye! Kite pèp yo pran tranble.
Li plase twòn Li an anwo cheriben yo.
Kite latè pran tranble!
SENYÈ a gran nan Sion.
Li leve wo anwo tout pèp yo.
Kite yo louwe non Ou ki gran e mèvèye;
Se sen ke Li ye.
 
Pwisans a Wa a renmen lajistis.
Ou te etabli ekite.
Ou te fè jistis ak ladwati Ou vin rive nan Jacob.
Leve wo SENYÈ, Bondye nou an!
Adore nan machpye twòn Li an.
Se sen ke Li ye.
 
Moïse avèk Aaron te pami prèt Li yo e
Samuel te pami sila ki te rele non Li yo.
Yo te rele non SENYÈ a e Li te reponn yo.
Li te pale ak yo nan pilye nwaj la.
Yo te kenbe temwayaj Li yo,
avèk règleman ke Li te bay yo.
O SENYÈ, Bondye nou an, Ou te reponn yo.
Ou te pou yo yon Bondye ki padone,
men Ou te pran vanjans sou zak mechan yo.
Egzalte SENYÈ, Bondye nou an!
Adore nan mon sen Li an,
paske sen se SENYÈ a, Bondye nou an!
99:1 Egz 25:22 99:2 Sòm 97:9 99:3 Det 28:58 99:4 Sòm 11:7 99:5 Sòm 132:7 99:6 Egz 15:25 99:7 Egz 33:9 99:8 Egz 32:28