108
Yon chan. Yon Sòm David
Kè m fèm, O Bondye; mwen va chante.
Mwen va chante lwanj ou, menm avèk tout nanm mwen.
Fè leve ap avèk lir!
Mwen va fè leve solèy la!
Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ, pami pèp yo.
Mwen va chante lwanj a Ou pami nasyon yo.
Paske lanmou dous Ou a gran pase syèl yo,
e verite Ou rive jis nan syèl yo.
Leve wo, O Bondye, anwo syèl yo ak glwa Ou anwo tout tè a.
Pou sila ke Ou tèlman renmen an, kapab delivre.
Sove avèk men dwat Ou e reponn mwen!
Bondye te pale nan sentete Li a: “Mwen va leve wo,
Mwen va divize Sichem, e mezire tout vale Succoth la.
Galaad se pou Mwen. Manassé se pa M.
Ephraïm se kas sou tèt Mwen.
Juda se baton wayal Mwen.
Moab se basen lesiv Mwen.
Sou Edom, Mwen va jete soulye M.
Sou Philistie, Mwen va rele byen fò.”
10 Se kilès ki va mennen M antre nan vil fòtifye a?
Kilès ki va mennen M Edom?
11 Se pa ke Ou, Ou menm, O Bondye, te rejte nou an?
Èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?
12 O bannou sekou kont advèsè a,
paske delivrans a lòm se anven.
13 Avèk Bondye, nou va fè zèv vanyan.
Se Li menm ki va foule advèsè nou yo anba pye L.
108:1 Sòm 57:7-11 108:4 Sòm 113:4 108:5 Sòm 57:5 108:6 Sòm 60:5-12 108:8 Jen 49:10 108:10 Sòm 60:9 108:11 Sòm 44:9 108:13 És 60:12