109
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
O Bondye lwanj mwen an, pa rete an silans!
Paske yo te ouvri bouch desepsyon ak mechanste a kont mwen.
Yo te pale kont mwen avèk yon lang k ap manti.
Anplis, yo te antoure mwen avèk pawòl ki plen rayisman
E yo te goumen kont mwen san koz.
An echanj pou lanmou m, yo te aji kon akizatè mwen;
men mwen toujou ap priye.
Konsa, yo te rekonpanse mwen mal pou byen ak rayisman pou lanmou m.
Plase yon nonm mechan sou li e kite
yon akizatè kanpe sou men dwat Li.
Lè l fin jije, kite li sòti koupab
e kite lapriyè li devni peche.
Kite jou li yo vin mwens.
Kite yon lòt moun pran pozisyon li.
Kite pitit li yo rete san papa,
e kite madanm li vin vèv.
10 Kite pitit li yo mache egare, e mande nan lari.
Kite yo chache yo nan kay kraze a kote yo rete.
11 Kite moun li dwe, sezi tout sa li posede
e etranje yo piyaje tout sa li pwodwi.
12 Kite l rive ke nanpwen moun ki pou ofri li lanmou dous,
Ni okenn moun ki pou fè gras a òfelen li yo.
13 Kite desandan li yo koupe retire nèt.
Nan jenerasyon ki swiv yo, kite non yo
efase nèt.
14 Kite inikite a papa zansèt li yo vin sonje devan SENYÈ a,
E pa kite peche a manman l yo vin efase.
15 Kite yo devan SENYÈ a tout tan pou L
koupe retire memwa yo sou latè,
16 akoz li pa t sonje montre lanmou dous,
men te pèsekite e te aflije malere a,
ak sila ki dekouraje nan kè l la,
pou l mete yo a lanmò.
17 Anplis, li te renmen bay madichon.
Konsa, madichon an te retounen sou li.
Li pa t renmen beni.
Konsa, sa te rete lwen l.
18 Men li te abiye li menm ak madichon tankou vètman,
e sa te fonse nan kò l tankou dlo, tankou lwil, sa rive nan zo li.
19 Kite sa rive li tankou yon vètman k ap sèvi pou kouvri kò l,
paske sentiwon sa a ap toujou mare l.
20 Kite SENYÈ a bay sa kon rekonpans akizatè mwen yo,
ak sila ki pale mal kont nanm mwen yo.
 
21 Men Ou menm, O Bondye, SENYÈ a,
aji dousman avè m pou koz a non Ou.
Akoz lanmou dous Ou a bon, delivre m,
22 paske mwen aflije e malere.
Kè m blese anndan m.
23 Mwen ap pase tankou yon lonbraj ki vin long.
Mwen souke retire tankou krikèt volan.
24 Jenou m vin fèb nan fè jèn
e chè m vin mèg, san grès.
25 Mwen menm, anplis, te vin yon repwòch a yo menm.
Lè yo wè m, yo souke tèt yo.
26  Fè m sekou, O SENYÈ, Bondye mwen an.
Sove mwen selon lanmou dous Ou a.
27 Konsa, ya konnen ke sa te fèt pa men Ou,
ke se Ou menm, SENYÈ a, ki te fè l.
28 Kite yo menm bay madichon sou mwen,
men pou Ou menm, bay benediksyon.
Lè yo leve, yo va wont, men sèvitè Ou a va fè kè kontan.
29 Kite akizatè mwen yo vin abiye ak dezonè.
Kite yo kouvri yo menm ak pwòp wont
yo tankou se avèk yon manto.
30 Avèk bouch mwen, mwen va bay
anpil remèsiman a SENYÈ a.
Nan mitan gwo foul la, mwen va louwe Li.
31 Paske Li kanpe kote men dwat malere a
pou sove li de men a sila ki jije nanm li yo.
109:1 Sòm 28:1 109:2 Sòm 10:7 109:3 Sòm 35:7 109:5 Jn 7:7 109:7 Pwov 28:9 109:8 Trav 1:20 109:9 Jr 18:21 109:13 Sòm 9:5 109:14 Egz 20:5 109:15 Job 18:17 109:17 Pwov 14:14 109:18 Nonb 5:22 109:19 Sòm 73:6 109:20 Sòm 41:5 109:21 Sòm 23:3 109:23 Egz 10:19 109:24 Sòm 35:13 109:25 Sòm 22:7 109:26 Sòm 119:86 109:28 És 65:14 109:29 Job 8:22 109:30 Sòm 22:22 109:31 Sòm 37:33