110
Yon Sòm David
SENYÈ a di a Senyè mwen an: “Chita bò kote men dwat Mwen
Jiskaske Mwen fè ènmi Ou yo vin yon machpye pou Ou.”
SENYÈ a va lonje baton wayal Ou a soti nan Sion e di:
“Se pou ou renye nan mitan ènmi Ou yo”.
Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo.
Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an;
ak jennes Ou, tankou lawouzaj gran maten an.
SENYÈ a fin sèmante. Li p ap chanje panse L:
“Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.”
SENYÈ a sou men dwat ou.
Li va kraze wa yo nan jou kòlè Li a.
Li va jije pami nasyon yo.
Li fè gwo pil kadav yo,
Li va brize tèt a chèf tout latè a.
Li va bwè nan flèv pandan L an wout;
konsa, Li va leve tèt Li wo.
110:1 Mat 22:44 110:2 Sòm 45:6 110:3 II Sam 17:12 110:4 Nonb 23:19 110:5 Sòm 68:14 110:6 És 2:4 110:7 Jij 7:5-6