12
Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòd
Yon sòm David.
Sekou, SENYÈ, paske moun ladwati yo sispann egziste,
Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.
Yo pale sa ki fo a youn lòt.
Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.
Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo,
ak lang ki pale gwo bagay yo;
ki te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi.
Lèv nou se pou nou.
Se kilès ki kab mèt sou nou?”
“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo,
koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a;
“Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach;
tankou ajan ki teste nan founo,
rafine nan tè sèt fwa.
Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo.
Ou va prezève yo soti nan
jenerasyon sila a jis pou tout tan.
Mechan yo pwomennen toupatou tout kote
bagay ki lèd vin leve wo
pami fis a lòm yo.
12:1 És 57:1 12:2 Wo 16:18 12:3 Dan 7:8 12:4 Sòm 73:8-9 12:5 És 33:10 12:6 Pwov 30:5 12:7 Sòm 37:28 12:8 És 32:5