111
Louwe SENYÈ a!
Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m,
Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.
Gran se zèv a SENYÈ yo!
Yo etidye pa tout moun ki pran plezi nan yo.
Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo.
Ladwati Li dire jis pou tout tan.
Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt.
SENYÈ a ranpli ak gras avèk mizerikòd.
Li te bay manje a sila ki gen lakrent Li yo.
Li va sonje akò Li a jis pou tout tan.
Li te fè pèp Li wè pouvwa a a zèv Li yo,
lè L te bay yo nasyon yo kòn eritaj.
Zèv men Li yo se verite avèk jistis.
Tout prensip Li yo vrè.
Yo va andire jis pou tout tan.
Yo fèt nan verite avèk ladwati.
Li te voye delivrans a pèp Li a.
Li te òdone akò Li a jis pou tout tan.
Sen e mèvèye, se non Li.
10  Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès.
Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann.
Lwanj Li dire jis pou tout tan!
111:1 Sòm 89:7 111:2 Sòm 92:5 111:4 Sòm 86:5-17 111:5 Mat 6:31-33 111:7 Rev 13:3 111:8 Sòm 119:160 111:9 Luc 1:69 111:10 Job 28:28