13
Pou direktè koral la; yon sòm David
Jiskilè SENYÈ?
Èske Ou ap bliye mwen jis pou tout tan?
Pou konbyen de tan, Ou va kache figi Ou de mwen?
Pou konbyen de tan mwen va oblije
depann sou pwòp konsèy tèt mwen,
ak tristès nan kè m tout lajounen?
Jiskilè lènmi m va vin leve wo sou mwen?
Okipe m, e reponn mwen, O SENYÈ, Bondye mwen;
Fè zye m wè, pou m pa mouri;
pou lènmi mwen an pa di: “Mwen fin genyen l,”
epi advèsè mwen yo rejwi lè m pran chòk.
Men mwen va mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a;
Kè m va rejwi nan delivrans ou
Mwen va chante a SENYÈ a,
paske Li te aji ak bon kè avè m.
13:1 Job 13:24 13:2 Sòm 42:4 13:3 Esd 9:8 13:4 Sòm 25:2 13:5 Sòm 52:8 13:6 Sòm 96:1