14
Pou direktè koral la; yon sòm David
Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.”
Yo konwonpi.
Yo te fè zak abominab.
Nanpwen ki fè sa ki bon.
SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la
sou fis a lòm yo pou wè si genyen
ki konprann, k ap chache Bondye.
Yo tout te vire akote.
Ansanm yo te vin konwonpi.
Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn.
Èske tout malfektè inikite yo pa konnen,
sila Ki manje pèp mwen yo
tankou y ap manje pen an,
san yo pa rele SENYÈ a?
La, yo nan gwo danje,
paske Bondye rete avèk jenerasyon ki dwat la.
Nou meprize bezwen aflije a,
men SENYÈ a se refij li.
O ke sali Israël la ta sòti nan Sion!
Lè SENYÈ a restore pèp kaptif li a,
Jacob va rejwi, e Israël va gen kè kontan.
14:1 Wo 3:10-12 14:2 Sòm 92:6 14:3 Sòm 143:2 14:4 Jr 10:25 14:6 Sòm 46:1 14:7 Sòm 85:1-2