138
Yon Sòm David
Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m.
Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.
Mwen va pwostène mwen vè sen tanp Ou a,
e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a;
Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.
Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen.
Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.
Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ,
lè yo fin tande pawòl a bouch Ou.
Wi, yo va chante sou chemen SENYÈ a,
paske gran se glwa SENYÈ a.
Paske malgre SENYÈ a egzalte,
Li toujou okipe sila ki ba yo.
Men moun ki ògeye yo,
Li rekonèt yo de lwen.
Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub,
Ou va fè m reprann mwen.
Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo.
Men dwat Ou va sove mwen.
SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an.
Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan.
Pa abandone zèv men Ou yo.
138:1 Sòm 111:1 138:2 I Wa 8:29 138:3 Sòm 28:7 138:4 Sòm 72:11 138:5 Sòm 21:5 138:6 Sòm 40:4 138:7 Éz 9:8-9