15
Yon sòm David
O SENYÈ, se kilès ki kab rete nan tant Ou?
Kilès ki kab demere sou mòn sen Ou an?
Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo;
li ki pale verite a nan kè li a;
ki pa fè kout lang sou lòt,
ni fè vwazen li mal,
ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li;
nan zye a sila yon vagabon meprize a,
men ki bay lonè a sila ki fè lakrent SENYÈ yo;
li sèmante a pwòp pèt li, menm lè l fè l mal,
e li pa chanje menm;
Li pa vèse bay lajan li avèk enterè,
ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an.
 
Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.
15:1 Sòm 24:3 15:4 Trav 28:10 15:5 Egz 23:8