147
Louwe SENYÈ a!
Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an.
Paske se agreyab epi lwanj Li se dous.
SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem.
Li ranmase egzile Israël yo.
Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.
Li konte fòs kantite zetwal yo.
Li bay non a yo tout.
Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.
Bon konprann Li an san limit nèt.
SENYÈ a bay soutyen a aflije yo.
Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.
Chante a SENYÈ a ak remèsiman.
Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,
ki kouvri syèl la ak nwaj yo,
ki founi lapli pou tè a,
ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.
Li bay bèt la manje li,
ak jenn kòbo k ap kriye yo.
10 Li pa pran plezi nan fòs cheval la.
Li pa pran plezi nan janm a moun.
11 SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo,
sila ki tann lanmou dous Li yo.
12 Louwe SENYÈ a, O Jérusalem!
Louwe Bondye ou a, O Sion!
13 Paske Li te fòtifye ba fè nan pòtay ou yo;
Li te beni fis ou yo anndan w.
14 Li fè lapè anndan lizyè ou yo.
Li satisfè ou ak meyè kalite ble.
15 Li voye lòd Li sou latè.
Pawòl Li kouri byen vit.
16 Li bay lanèj kon lenn.
Li gaye lawouze glase kon sann.
17 Li jete voye glas Li kon ti mòso.
Se kilès ki kab kanpe devan fredi Li a?
18 Li voye pawòl Li pou fonn yo.
Li fè van Li soufle e dlo yo koule.
19 Li deklare pawòl Li yo a Jacob,
règleman Li yo ak òdonans Li yo a Israël.
20 Li pa t aji konsa avèk okenn lòt nasyon.
Selon òdonans Li yo, yo pa konnen yo.
Louwe SENYÈ a!
 
147:1 Sòm 33:1 147:2 Det 30:3 147:3 Sòm 34:8 147:4 És 40:26 147:5 És 40:28 147:6 Sòm 37:24 147:7 Sòm 33:2 147:8 Job 5:10 147:9 Job 38:41 147:10 I Sam 16:7 147:11 Sòm 33:18 147:13 Sòm 37:26 147:14 Sòm 29:11 147:15 Sòm 104:4 147:16 Job 38:29 147:17 Job 37:9 147:18 Sòm 107:25 147:19 Det 33:3-4 147:20 Det 4:7-34