148
Louwe SENYÈ a!
Louwe SENYÈ a soti nan syèl yo!
Louwe Li kote ki wo yo!
Louwe Li, tout zanj Li yo.
Louwe Li tout lame Li yo!
Louwe Li, solèy ak lalin nan.
Louwe Li, tout zetwal ki limen yo!
Louwe Li, pi wo syèl yo,
ak dlo ki anwo syèl yo.
Kite yo louwe non SENYÈ a,
paske Li te pase lòd, e sa te fèt.
Anplis, Li te etabli yo jis pou tout tan.
Li te pase yon dekrè ki p ap janm disparèt.
Louwe SENYÈ a soti sou latè,
gwo bèt voras lanmè a ak tout fon an.
Dife ak lagrèl, lanèj ak nwaj,
van tanpèt ki akonpli pawòl Li yo.
Mòn yo ak tout kolin yo,
pye fwi yo ak tout pye sèd yo,
10 Bèt sovaj yo ak tout bèt chan yo,
sa ki trennen atè ak bèt ki vole yo,
11  wa latè yo ak tout pèp yo,
prens yo ak tout jij latè yo,
12 ni jennonm, ni vyèj,
granmoun ak timoun.
13 Kite yo louwe non SENYÈ a,
paske se sèl non Li ki leve wo.
Glwa Li pi wo tè a ak syèl la.
14 Li te leve yon kòn pou pèp Li a,
Lwanj pou tout fidèl Li yo,
menm pou fis Israël yo, yon pèp toupre Li.
Louwe SENYÈ a.
 
148:1 Sòm 69:34 148:2 Sòm 103:20-21 148:4 Jen 1:7 148:5 Jen 1:1 148:6 Job 38:33 148:7 Jen 1:21 148:8 Job 37:12 148:9 És 55:12 148:10 Os 2:18 148:11 Sòm 102:15 148:13 És 12:4