32
Yon Sòm David. Yon Sòm Refleksyon
A la beni se sila ki padone pou transgresyon li,
pou peche li ki kouvri a!
A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la,
e nan lespri a sila ki pa gen manti a.
Lè m te kenbe silans selon peche mwen,
kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen.
Paske lajounen kon lannwit,
men Ou te lou sou mwen.
Fòs mwen te epwize vin bese
tankou gwo chalè nan gran sezon ete.
Tan
Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou,
e inikite mwen, mwen pa t ankò kache.
Mwen te di: “Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”,
epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.
Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye vè Ou menm,
nan yon lè ke Ou toujou disponib.
Anverite, nan gran flèv dlo yo,
yo p ap kab rive kote Li ankò.
Ou se kote ke m konn kache a.
Ou pwoteje mwen kont gwo twoub.
Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.
Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen
nan sila ou dwe ale a.
Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.
Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm,
ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo.
Otreman, yo p ap vin kote ou.
10 Anpil se tristès a mechan yo,
men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a,
se lanmou dous ki va antoure li.
11 Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis!
Rele avèk jwa, nou tout ki dwat nan kè nou yo.
32:1 Sòm 85:2 32:2 Jn 1:47 32:3 Sòm 39:2-3 32:4 I Sam 5:6 32:5 I Jn 1:9 32:6 Sòm 69:13 32:7 Sòm 121:7 32:8 Sòm 25:8 32:9 Pwov 26:3 32:10 Wo 2:9 32:11 Sòm 7:10