43
Deklare m inosan, O Bondye mwen!
Plede ka mwen kont yon nasyon enfidèl.
O delivre mwen soti nan men
a lezòm mantè e enjis yo!
Paske Ou se Bondye fòs mwen an.
Poukisa Ou rejte m?
Poukisa mwen fè dèy akoz opresyon a lènmi an?
Voye limyè Ou deyò avèk verite Ou;
kite yo mennen mwen.
Kite yo mennen m nan mòn sen Ou an ak kote Ou abite yo.
Konsa, mwen va ale vè lotèl Bondye a,
Bondye lajwa m ki depase limit lan.
Konsa, sou gita a, mwen va bay Ou lwanj,
O Bondye, Bondye mwen an.
Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?
E poukisa ou twouble anndan m?
Mete espwa ou nan Bondye!
Paske m ap louwe Li ankò:
O sove m, soutyen mwen an,
ak Bondye m.
43:1 Sòm 26:1 43:2 Sòm 42:9 43:3 Sòm 36:9 43:4 Sòm 21:6 43:5 Sòm 42:5-11