8
Pou direktè koral la; jwe sou gitia la.
Yon sòm David.
O SENYÈ, Senyè nou an,
A la non Ou gran sou tout latè!
Ou te fè parèt klè mayifisans Ou
piwo pase syèl yo!
Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo,
Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo,
pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.
Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo,
lalin ak zetwal ke Ou te fè yo,
Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li?
Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?
Malgre, Ou te fè li yon ti kras pi ba pase Bondye,
e te kouwone li ak glwa avèk lonè!
Ou fè li regne sou zèv men Ou yo.
Ou te mete tout bagay anba pye li:
Tout mouton yo ak bèf yo, avèk bèt sovaj nan chan,
zwazo nan syèl yo, avèk pwason lanmè yo,
ak tout sa ki pase nan chemen lanmè yo.
O SENYÈ, mèt nou an, a la non Ou gran sou tout latè a.
8:1 Sòm 57:5-11 8:2 Mat 21:16 8:3 Sòm 136:9 8:4 Sòm 144:3 8:5 Jen 1:26 8:6 Ef 1:22