96
Chante a SENYÈ a yon chan tounèf!
Chante a SENYÈ a tout latè a.
Chante a SENYÈ a!
Beni non Li!
Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.
Pale glwa Li pami nasyon yo,
zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.
Paske gran se SENYÈ a!
Li merite gran lwanj.
Fòk Li resevwa krentif nou pi wo ke tout dye yo.
Paske tout dye a pèp yo se zidòl,
men SENYÈ a te fè syèl yo.
Tout bèlte ak majeste devan L.
Pwisans ak bèlte rete nan sanktiyè Li a.
Bay a SENYÈ a, O fanmi a pèp yo,
bay a SENYÈ a glwa ak pwisans.
Bay a SENYÈ a glwa a non Li.
Pote yon ofrann e antre nan lakou Li yo.
Adore SENYÈ a nan abiman ki sen.
Tranble devan L, tout latè a.
10 Pale pami nasyon yo, “SENYÈ a renye.”
Anverite, mond lan etabli byen solid.
Li p ap ebranle menm.
SENYÈ a va jije pèp yo avèk jistis.
11 Kite syèl yo vin kontan e kite latè rejwi.
Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.
12 Kite chan yo leve fè kè kontan, ak tout sa ki ladann yo.
Epi tout bwa nan forè yo va chante ak jwa
13 devan SENYÈ a, paske La p vini.
Paske La p vini pou jije latè. Li va jije mond lan
avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.
96:1 Sòm 40:3 96:2 Sòm 71:15 96:3 Sòm 145:12 96:4 Sòm 95:3 96:6 Sòm 104:1 96:7 I Kwo 16:28-29 96:8 Sòm 79:9 96:9 Sòm 33:8 96:11 Sòm 69:34 96:12 És 44:23 96:13 Rev 19:11