97
SENYÈ a renye, kite latè rejwi!
Kite tout lil yo fè kè kontan!
Nwaj ak fènwa pwofon ap antoure Li.
Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Li an.
Se dife ki ale devan L pou brile tout
advèsè Li yo toupatou.
Loray Li yo klere tout mond lan.
Latè wè e li tranble.
Mòn yo fonn tankou lasi devan prezans SENYÈ a,
devan prezans SENYÈ tout latè a.
Syèl yo deklare ladwati Li e tout pèp yo te wè glwa Li.
Kite tout sila ki sèvi limaj taye yo vin wont,
ki vin ògeye sou zafè zidòl yo.
Adore Li, tout dye yo.
Sion te tande sa e te rejwi.
Fi a Sion yo te rejwi akoz jijman Ou, O SENYÈ.
Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè.
Ou leve pi wo anpil pase tout dye yo.
10  Nou menm ki renmen SENYÈ a, rayi mal la!
Li pwoteje nanm a fidèl Li yo.
Li delivre yo nan men a mechan yo.
11 Se limyè ki simen kon semans pou moun ladwati yo,
ak kè kontan pou sila ak kè ki dwat yo.
12 Fè kè kontan nan SENYÈ a, nou menm ki moun dwat yo e
bay remèsiman a non sen Li an.
97:1 És 42:10-12 97:2 Sòm 89:14 97:3 Mal 4:1 97:4 Egz 19:16 97:5 Sòm 46:6 97:6 Sòm 19:1 97:7 Sòm 106:36 97:8 Sòm 48:11 97:9 Sòm 83:18 97:10 Sòm 34:14 97:11 Sòm 64:10