98
Yon Sòm
O chante a SENYÈ a yon chan tounèf, paske Li te fè anpil bèl mèvèy.
Men dwat Li ak bra sen Li yo te vin genyen viktwa pou Li.
SENYÈ a te fè sali Li rekonèt.
Li te devwale ladwati Li pou tout nasyon yo wè.
Li te sonje lanmou dous Li a avèk fidelite Li pou lakay Israël.
Rele fò ak jwa a SENYÈ a, tout latè!
Eklate ak chanson, wi chante lwanj Li yo!
Chante lwanj a SENYÈ a avèk ap,
avèk ap ak vwa melodi a.
Avèk twonpèt ak son a kòn.
Rele fò devan Wa a, SENYÈ a.
Kite lanmè a fè gwo bri ak tout sa ki ladann,
Lemonn ak tout sa ki rete ladann yo.
Kite larivyè yo bat men yo.
Kite mòn yo chante ansanm ak jwa
devan SENYÈ a,
paske l ap vini pou jije latè.
Li va jije lemonn ak ladwati Li
E pèp yo avèk jistis.
98:1 És 52:10 98:2 És 62:2 98:5 És 51:3 98:6 Nonb 10:10 98:7 Sòm 96:11 98:8 Sòm 93:3 98:9 Sòm 96:10