9
Yon revelasyon.
Pawòl SENYÈ a kont peyi Hadrac la,
e l ap poze sou Damas,
paske zye a lòm ak tout trib Israël
se vè SENYÈ a,
epi osi vè Hamath, ki nan lizyè li a;
Tyr ak Sidon paske yo saj anpil.
Paske Tyr te bati pou kont li yon fò;
li te fè depo ajan tankou pousyè,
ak depo lò tankou labou nan lari.
Gade byen, SENYÈ a va rache
tout sa li posede,
e jete tout richès li yo nan lanmè.
Li va devore nèt ak dife a.
 
Askalon va wè l e vin pè.
Anplis, gaza va tòde ak gwo doulè;
epi Ékron, pou sa li te atann va desi.
Anplis ke sa, wa a va peri Gaza
e Askalon va vin pa gen moun.
Yon ras mele va vin rete Asdod
e Mwen va rache ògèy a Filisten yo.
Mwen va retire san li,
soti nan bouch li,
ak abominasyon soti nan mitan dan l yo.
Konsa, yo va devni osi yon retay
pou Bondye nou an.
Yo va tankou yon chèf pou Juda, e
Ékron va tankou Jebizyen yo.
Mwen va kanpe antoure kay Mwen an kont lame a,
pou pèsòn moun pa travèse oswa retounen.
Konsa, p ap gen moun k ap travèse pou oprime yo ankò.
Paske koulye a, ak zye pa m, Mwen wè.
 
Rejwi anpil, O fi a Sion an!
Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an!
Gade byen wa ou ap vini kote ou;
Li jis e Li gen Sali;
Li enb e Li monte sou yon bourik,
menm yon jenn pòtre,
pitit a yon bourik.
10 Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan,
ansanm ak cheval Jérusalem nan.
Banza lagè a va koupe retire;
Li va pale lapè a nasyon yo.
Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè,
e nan Rivyè Euphrate la jis pou l
rive nan dènye pwent tè a.
 
11 Menmjan an pou ou menm tou,
akoz san akò Mwen an ki avèk ou,
Mwen te mete prizonye ou yo an libète
soti nan twou fòs ki pa gen dlo a.
12 Retounen nan sitadèl la,
O prizonye ki gen lespwa a!
Nan jou sa a menm, Mwen deklare
ke Mwen va remèt ou doub de sa.
13 Paske Mwen te koube Juda
konsi se te banza Mwen.
Mwen te plen banza a avèk Éphraïm.
Mwen va fè leve fis ou yo, O Sion,
kont fis ou yo, O Grèce,
e Mwen va fè ou vin tankou nepe
a yon gèrye pwisan.
 
14 Epi SENYÈ a va vin parèt sou yo,
e flèch Li va pati tankou kout loray.
Senyè BONDYE a va sone twonpèt la,
e Li va mache nan van tanpèt sid yo.
15  SENYÈ dèzame yo va defann yo.
Yo va devore, e yo va foule anba pye
ak tout wòch fistibal yo.
Yo va bwè, e fè bwi tankou se diven y ap bwè.
Epi yo va vin ranpli tankou basen sakrifis,
tankou kwen lotèl yo.
 
16 Konsa SENYÈ a, Bondye yo a, va sove yo
nan jou sa a, tankou foul moun a pèp Li a;
paske yo tankou wòch presye,
bijou yon kouwòn k ap klere toupatou
anwo tout peyi Li a.
17 Paske a la gran, bonte Li va gran,
e a la gran, bèlte Li va gran!
Sereyal la va fè jenn mesye yo pwospere
ak diven nèf pou vyèj yo.
9:1 És 17:1 9:2 Jr 49:23 9:2 Éz 28:2-5,12 9:3 Jos 19:29 9:3 I Wa 10:21,27 9:4 Éz 26:3-5; És 28:18 9:6 Am 1:8 9:8 És 54:14 9:9 Sòm 110:1 9:9 So 3:5 9:10 És 57:19; Sòm 72:8 9:11 Egz 24:8 9:12 Jr 16:19 9:12 És 61:7 9:13 Jr 51:20 9:13 Sòm 45:3 9:14 És 31:5; Sòm 18:14 9:15 És 37:35 9:15 Za 12:6 9:16 Jr 31:10,11 9:17 Jr 31:12,14; Sòm 27:4